Yon Menas Pou Lapè Ak Sekirite Se Yon Menas Pou Timoun

Kounyea, yon editoryal ki reflete opinyon Gouvènman Etazini an:

Anpeche timoun jwenn èd imanitè se youn nan vyolasyon ki pi grav kont dwa timoun ke Nasyon Zini obsève. Jan de baryè konsa vyole dwa timoun pou yo gen lavi, edikasyon ak nivo sante ki pi wo ke yo ka jwenn. Nenpòt gwoup ki anpeche timoun resevwa asistans pou sove lavi yo, sa ki menase ekzistans yo menm, dwe gen kont pou li rann, kit se yon gouvènman, kit se yon aktè ki pa nan leta.

« Ann pale klè: nenpòt menas pou lapè ak sekirite se yon menas pou timoun, » se pawòl Reprezantan Pèmanan Etazini nan Nasyon Zini, Linda Thomas Greenfield.

“E poutan, nan chak kwen nan mond la, gen dè milyon timoun nan zonn konfli ki gen bezwen dezespere pou manje ak dlo pwòp, edikasyon ak swen medikal – e tout sa yo se bagay esansyèl pou lavi.”

Nan Myanmar, gen timoun Rohingya ki jwenn lanmò yo, gen ki anba kòd, e gen ki deplase. Atak LaRisi sou Ikrèn ap touye timoun e detwi lekòl, lopital ak kay moun. Nan Afganistan, tifi ap fè fas ak yon sistèm diskriminasyon ak vyolans, pandan Houthi yo ap deranje livrezon èd ki ka sove lavi 11 milyon timoun nan Yemen, se pawòl Anbasadè Thomas Greenfield. “Lis lye kote timoun ap viv nan laperèz, malerezman, li long anpil anpil.”

“Nan tout rejyon Sahel la, e ladann Burkina Faso, kote vyolans ki ap kontinye, fèmen yon ka nan lekòl yo e kite dè santèn timoun piti nan malnitrisyon malouk.

Nan Izrayèl, Hamas te touye timoun oswa pran yo kòm otaj 7 Oktòb pase e timoun yo kontinye ap viv anba kout wokèt. E nan Gaza, kote nan mwa ki soti pase yo, dè milyon ak dè milyon timoun soti blese, tounen òfelen oubyen pèdi lavi yo.

“Etazini fyè deske li se pi gwo donatè nan UNICEF ak Pwogram Alimantè Mondyal.” Se Anbasadè Greenfield ki pale konsa. “Men nou ekzòte mond la pou li fè plis – bay plis – pou reponn bezwen timoun nan konfli ame yo. »

« Nou dwe pwoteje sipò medikal, sipò manje ak ijyenik pou timoun ak fanmi yo, sa ki sèvi kòm fondasyon pou edikasyon yo ak sante mantal yo.

Nou dwe asire dwa timoun pou yo jwe, pou yo senpman viv kòm timoun; asire nou ke gen pwoteksyon pou dwa sa a. E nou dwe reponn bezwen ijan timoun nan zonn konfli yo, nou dwe konsidere tou resous ke yo bezwen pou avni yo. »

« Lè nou asire ke timoun yo an sekirite, ke yo pa nan fredi, e ke yo manje,” se Anbasadè Greenfield ki ap pale, « Lè nou ba yo aksè nan edikasyon, swen sante, sipò psikolojik ke yo bezwen pou yo grandi, nou pa sèlman sove avni yo – nou bati yon mond ki gen plis sekirite, pi ki pezib pou nou tout. »

Sete yon editoryal ki reflete opinyon Gouvènman Etazini an.