Men yon editoryal ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.
Nan mwa janvye a nou komemore youn nan evennman ki pi makawon nan listwa lèzòm –Olokòst la, eliminasyon sistematik pèp jwif la anba men Lalmay Nazi ak kolaboratè l yo.
Menmsi moun byen konprann ke Olokòst la te dewoule an menm tan ke 2èm Gè Mondyal la, li te kòmanse byen anvan sa. A la verite, kòmansman Olokòst la remonte a ane 1930 yo, lè Pati Nazi a te monte sou pouvwa a epi gouvènman alman an te kòmanse vize sila yo ke li te konsidere kòm moun ki enferyè natirèlman. Otorite yo te ranmase moun sa yo –pi fò nan yo sete sivil- pou fèmen yo nan Geto, epi yo te depòte yo nan plizyè douzèn kan konsantrasyon oubyen kan travo fòse pou esklav. Yo te fiziye anpil moun epi yo te vide kadav yo nan fòs komin. Vè fen ane 1941, reponsab sèten kan te kòmanse yon operasyon asasina pa bann e pa pakèt.
Alòs, nan dat 20 janvye 1942, nan sa ki swadizan rele Konferans Wannsee a, otorite nazi yo te deside ofisyalize aplikasyon “Solisyon Final la”: sete eliminasyon sistematik yon pòsyon byen presi nan popilasyon an kòm yon politik gouvènmantal: swa atwosite li te komèt kont popilasyon jwif la.
Sete yon pati nan 2èm Gè Mondyal la; sepandan sa te separe ak efò Lalmay t ap fè pou lagè a. An fèt, byen souvan yo te bay Solisyon Final la plis enpòtans pase efò lagè a: Malgre te genyen yon gwo kokenn bezwen pou pèsonèl ak materyèl sou chandbatay yo, yo pa t pran okenn pwovizyon ni ekipman nan kan konsantrasyon yo pou voye yo kote lagè a ta p dewoule a. Alafen, “Solisyon Final la” te debouche sou lanmò 6 milyon jwif.
Janmen anvan sa yon asasina pa bann e pa pakèt konsa te rive nan tout listwa limanite –swa eliminasyon tout yon pèp- kòm rezilta yon politik gouvènmantal.
Souvni Olokòst Entènasyonal la se yon jou pou nou sonje moun ki te mouri asasinen nan Olokòst la, non sèlman pou onore mò yo, men tou pou fè nou sonje ki kalte zak mechan e kriminèl lèzòm kapab komèt. Pandan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zni an t a adopte Konvansyon 1948 sou Prevansyon ak Pinisyon Krim Jenosid la, limanite te di: “Se pou Sa Pa Janm Fèt Anko.” Sepandan, nan mwa janvye a nou te sonje viktim asasina pa bann e pa pakèt ki te fèt apre sa nan Kanbòdj, Wannda, Bosni avèk Dafou.
Tankou filozòf espayòl George Santayana te ekri sa yon fwa, “Sila yo ki pa kapab sonje le pase kondane pou yo repete li.”
Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.