Accessibility links

Breaking News

Pri Entènasyonal Pou Fanm Kouraj Ane 2021


Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken ki te fè diskou nan seremoni pou remèt pri nan Depatman Deta, e ki te gen ak li Premyè Dam Jill Biden, te deklare - n ap site - "Sa gen 15 lane depi Depatman Deta ap bay fanm toupatou nan mond la pri Fanm Entènasyonal ki gen Kouraj, fanm ki te moutre yon fòs ekstwòdinè ak yon talan kòm lidè nan plede pou lapè, jistis, dwa moun, ak egalite ant fanm ak gason.

Pami fanm ki resevwa onè sa-a gen Maria Kalesnikava, moun Belaris. Li menm ak kèk patnè li te moute yon defi istorik kont yon rejim ke Aleksandr Lukashenka te tabli depi 26 lane, kote yo te fè fas ak prizon apre yon eleksyon ki te konteste. Phyoe Phyoe Aung se yon lidè k ap moute nan peyi Birmani ki rele kounyea Myanmar. Òganizasyon li a, The Wings Institute, Enstiti Zèl, fasilite boukantay lide ant jèn nan gwoup etnik ak relijyon diferan e ankouraje lapè ak rekonsilyasyon.

Yon lòt loreya, Maximilenne Ngo Mbe, ki se moun Kamewoun, travay pou fè respekte dwa moun e li te yon vwa ki fè tande l pami aktè yo nan sosyete sivil la, kote anpil fwa li sakrifye pwòp sekirite pèsonèl li, nan efò pou jwenn yon mwayen pasifik pou rezoud gè sivil-la nan Kamewoun.

Wang Yu, moun peyi LaChin, se youn nan prensipal avoka pou dwa moun nan peyi a e li te fè fas ak arestasyon ak prizon poutèt li t ap defann militan.

Julienne Lusenge, moun Repiblik Demokratik Kongo, se yon fanm militan, yon lidè pami moun k ap mennen lit kont vyolans ki baze sou sèks.

Pami lòt moun ki te resevwa pri, gen Mayerlis Angarita, moun Kolonbi, Jij Erika Aifan, moun Gatemala, Shohreh Bayat, moun peyi Iran, Muskan Khatun, moun peyi Nepal, Zahra Mahamed Ahmad, moun Somali, Sè Alicia Vacas Moro, moun Espay, Ranitha Ghanarajah, moun peyi Sri Lanka, Canan Gullu, moun peyi Turki, ak Ana Rosario Contreras, ki se moun Venezuela.

Sekretè Deta Blinken fè remake ke fanm ak tifi se anpil fwa "moun ki plis ekspoze anba abi kont dwa moun."

"Sepousa dwa egal ak diyite fanm ak jèn fi se youn nan prensipal pwen nan politik afè etranjè Etazini. Lè nou bati politik afè etranjè nou pandan n ap sonje fanm ak tifi, politik li nou an bay meyè rezilta, li pi imen, e li plis ka fè yon diferans ki nan lavi pèp yo."

Pandan li t ap adrese l ak loreya yo, Sekretè Deta Blinken te di - n-ap site - "N ap fè mond nou an pi jis, pi stab, pi pasifik, e pi lib. Etazini fyè pou l kanpe bò kote nou."

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG