Accessibility links

Breaking News

Ayiti Dwe Mete l Sou Menm Nivo ak Vizyon Demokratik li


Anbasadè Thomas-Greenfield
Anbasadè Thomas-Greenfield

Men Yon Editoryal ki Prezante Politik Etazini

Etazini gen gwo kè-sote pou enpas politik kote Ayiti rete bloke a, kote moun pa pote responsablite pou vyolasyon yo komèt kont dwa moun, e kote kondisyon sekirite yo ap agrave.

Se mesaj sa a Reprezantan Etazini nan Nasyon Zini Linda Thomas-Greenfield te bay Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse nan yon rankont ki te fèt, sa pa gen lontan.

Anbasadè Thomas-Greenfield te repete ke Ayiti dwe fè eleksyon lejislatif ak prezidansyèl lib, onèt, ak san kachotri an 2021.

Julie Chung se Sou Sekrete deta pwovizwa pou Biwo ki regle kesyon ki gen rapo ak Emisfe Oksidantal la. Li deklare, nap site:

"Demokrasi Ayiti a pa ka kontinye konsa. Nou kwè eleksyon lejislatif se mwayen demokratik pou mete fen nan zafe gouvène pa dekrè kap fet ann Ayiti depi lontan an, e eleksyon prezidansyèl yo nesesè pou gen yon transfè pouvwa pasifik, kote yon lidè eli demokratikman pase echap la bay yon lòt."

Sou Sekretè Deta pwovizwa Chung rekonèt ke okenn eleksyon pa pwal rezoud pakèt defi ki devan Ayiti yo.

"Men sa pa wete anyen nan reyalite kote Ayiti gen gran bezwen pou yon demokrasi ki toujou ap mache ak enstitisyon k ap sèvi pèp la."

"Kreyasyon ak prezèvasyon pwosesis ak strikti demokratik ki solid se defans k ap dire lontan kont diktati, politik patizan, ak batay pou richès.

Sou Sekretè Deta Chung fè wè ke Etazini bay plizyè milyon dola nan devlopman ak asistans imanitè pou pèp ayisyen an.

"Men envestisman nou nan pèp ayisyen an," li di "ap gen siksè sèlman si Ayisyen envesti tou nan pwòp gouvènans demokratik pa yo."

Sete Yon Editoryal ki prezante Politik Etazini.

XS
SM
MD
LG