Accessibility links

Breaking News

"Etazini Pap Voye Diplomat nan Jezolenpik Peken yo" 


Sa se yon editoryal ki bay opinyon gouvènman Ameriken an:

"Administrasyon Biden nan pap voye okenn diplomat ni reprezantan ofisyèl nan Jezolenpik Ivè Peken 2022 yo ak Je Paralenpik yo.

Se akoz jenosid ak krim kont l'imanite Repiblik Popilè Chinwaz la ap komèt nan Xinjiang kote li abize dwa moun yo," sekretè laprès Lamezonblanch la, Jen Psaki deklare. Sepandan, atlèt Ameriken pral patisipe nan Je Ivè yo, madan Psaki deklare. "Team USA gen tout sipò nou."

Li esplike ke "reprezantasyon diplomatik oubyen ofisyèl ta trete Je sa yo (Olenpik Paralenpik) tankou si tout bagay anfòm fas ak abi dwa moun malpouwount La Chin ap komèt nan Xinjiang. Nou senpman paka fe sa."

Rejyon Xinjiang lan se baz yon afè 14 milyon Uyghur, ki pou pi fo se Mizilman, ak lòt gwoup minorite etnik ak relije ki pale lang ki baze sou Tik. Denye dosye Depatman d'Eta sou Dwa Moun nan di jenosid ak krim kont l'imanite ap fèt tout tan kont Uyghur yo ak manm lòt gwoup minorite etnik ak relije nan Xinjiang. Pami krim sa yo gen arestasyon abitrè oubyen yo mete restriksyon sevè sou libète fizik plis pase yon milyon sivil; yo fose yo fè operasyon pou yo paka fè pitit, yo pran tèt yo pou jete pitit yo si yo tonbe ansent, yo aplike yon fason sevè politik La Chin ki kontwole konbyen pitit yon fanm gen dwa fè; gen vyòl; zak kraze zo; travo fose; epi enpozisyon restriksyon kanson fè sou libète relijyon oubyen kwayans ak libète deplasman.

Plis pase yon milyon Uyghur ak lòt manm gwoup minorite yo, ki se Mizilman pou pi fò femen nan kan ekstradijidyè e gen yon lòt 2 milyon ki fè fas ak swadizan fòmasyon "re-edikasyon".

Prezidan Joe Biden deklare klèman nan konvèsasyon ni ak Prezidan Chinwa a Xi Jinping, ke Etazini pran angajman fondamantal pou'l fè dosye dwa moun nan avanse an Chin ak nan lòt peyi. "Lè nou pa voye yon delegasyon diplomatik (nan Jezolenpik Peken yo ak Paralenpik yo) sa kore mesaj la," Sekretè Laprès Psaki deklare.

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG