Accessibility links

Breaking News

Sanksyon Kont Tiyo Nord Stream 2 La Risi a


Kounyea, yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

Depi komansman ane 2014, lè La Risi te anvayi Prèskil Krime Ikrèn nan epi oganize yon revolt nan rejyon ès Ikrèn, Ris yo kontinye ogmante jefo yo pou destabilize Ikrèn epi minnen enstitisyon demokratik li yo, Sekretè d'Eta Ameriken Antony Blinken deklare.

"Li foure bouch li nan politik Ikrèn ak eleksyon ni; li bloke enèji ak komès pou kraponnen lidè yo epi bay sitwayen yo presyon; li sèvi ak pwopagann ak fo nouvèl pou simaye mefyans; li lanse atak sibè kont enfrastrikti esansyèl peyi a."

Depi mwad Mas ane pase, La Risi tanmen yon kokenn chenn ogmantasyon fos militè li yo ak ekipman li sou frontyè Ikrèn, ki te debouche sou rekonesans inilateral La Risi pou 2 rejyon Ikrenyen kom eta endepandan, ki se yon vyolasyon Chat LONU an. Tou swit apre anons la, te gen yon envazyon militè nan Ikrèn.

Agresyon La Risi kont Ikrèn te chofe pi plis, menm jan ak sanksyon Lèzetazini, patnè li yo ak Alye li yo te enpoze.

Sektè enèji a se endistri pi enpotan La Risi - li responsab pou plis pase mwatye pwodui peyi a ekspote. Apepre 70% gaz natirèl li ekspote ale jwenn Ewop atravè divès tiyo.

23 Fevriye, yon ti tan apre Kremlen an te vyole souvrènte Ikrèn kare bare epi dekrete yon pati teritwa Ikrenyen an se 2 eta endepandan, Almay te anonse li tapral sispann sètifikasyon pi nouvo tiyo gaz ann Ewop la, Nord Stream 2.

"Etazini bat bravo pou desizyon administratif sa a Almay pran an pou frennen pwosesis sètifikasyon an pou Nord Stream 2, ki pral anpeche tiyo a antre ann operasyon," Sekretè d'Eta Antony Blinken eki nan yon deklarasyon li pibliye.

Apre konsiltasyon ak Almay ak Inyon Ewopeyen an, Etazini te enpoze sanksyon tou sou Nord Stream 2 AG, epi sou Matthias Warnig, PDG li ansanm ak plizyè lot responsab.

Savledi tout byen moun sa yo ak konpayi ki anba jirisdiksyon Etazini oubyen Kontwol Ameriken bloke, e moun Ozetazini entèdi fè tranzaksyon ak yo.

"Etazini kanpe fèm nan sipo nou pou souvrènte Ikrèn ak entegrite teritoryal li, " Sekretè Blinken deklare. "Mezi nou pran jodia konfome ak angajman nou, an kowodinasyon ak Alye nou yo ak patnè nou, pou enpoze konsekans masiv ak konsekans sevè pou la Risi pou reponn zak ilegal, san pwovokasyon lap mennen nan Ikrèn."

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG