Accessibility links

Breaking News

Yon Demi Milya Vaksen Nou Fè Kado, Gen Lot kap Vini


FILE - A pharmacist fills a syringe from a vial of the Moderna COVID-19 vaccine in Antwerp, Belgium, April 14, 2021. Moderna and vaccine promoter Gavi announced last may that the company would provide up to 500 million coronavirus vaccine doses for the U.
FILE - A pharmacist fills a syringe from a vial of the Moderna COVID-19 vaccine in Antwerp, Belgium, April 14, 2021. Moderna and vaccine promoter Gavi announced last may that the company would provide up to 500 million coronavirus vaccine doses for the U.

Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an:

Prezidan Biden pran angajman pou'l pataje 1,2 milya doz vaksen COVID-19 ak mond lan. 17 Mas, Etazini atenn yon gwo akonplisman nan repons global li fas ak COVID-19 la.

" Etazini fè kado plis pase 500 milyon doz vaksen COVID-19 ke li bay plis pase 110 peyi etranje ak ekonomi toupatou nan mond lan an kolaborasyon ak COVAX," Mary Beth Goodman, Kowodonatè a.i. Repons Global COVID-19 ak Sekirite Sante Piblik deklare.

"Sa se an plis prèske $20 milya dola asistans la sante pou COVID-19, asistans imanitè ak asistans pou ekonomi ak devlopman nou bay plis pase 120 peyi. Ladann gen repons rapid fas ak bwzwen sante piblik ijan, epi asistans teknik pou ogmante aksè a vaksen yo."

Siksè pwogram sa a, se rezilta kowodinasyon ak kolaborasyon moun poko janm wè anvan ak dè santèn patnè toupatou nan mond lan.

"Nap travay san pran souf ak gouvènman, oganizasyon entènasyonal, konpayi ki pwodwi vaksen, ONG, sektè prive a, ak lòt pou livre vaksen yo, bay moun piki, ogmante tès ak tretman, apiye travayè la sante yo epi an plis de sa - atravè plan Aksyon Global COVID-19 nou an," Sekretè d'Eta Antony Blinken deklare.

Vreman vre, soti depi nan achte vaksen pou rive livrezon sen e sof piki sa yo nan lopital ak klinik epi bay moun piki, Etazini pote kole ak oganizasyon global ak rejyonal - pami yo COVAX ak Oganizasyon Akizisyon Vaksen Afriken an e li travay ak lidè lokal ak kominotè yo toupatou nan mond lan.

Nan nivo lokal, Depatman d'Eta akòde 100 ti prè pou yon valè $10,000 pou finanse pwojè inovasyon pou fè fas ak defi rejyonal COVID-19 la poze.

E san bay manti, "Vaksen sa yo si, efikas e nou fè yo kado gratis, "Kowodonatè Goodman deklare.

"Etazini fè kado vaksen ak yon sèl objektif an tèt ki se -- sove lavi moun toupatou. Pandemi sa a pa fini. Li absoliman esansyèl pou moun vaksinen pou anpeche pwochen varyan an afekte mond lan, jan nou te wè l ak delta ak lot varyan komen yo.

"Travay sa a esansyèl paske pandemi sa a poko fini. Gan anpil moun toupatou nan mond lan ki gen lavi yo an danje nan moman yap fè fas ak Omicron e gen posibilite pou nouvo varyan nan lavni, Sekretè d'Eta Blinken deklare.

"Lèzetazini pral kontinye travay ak patnè nou yo ak kominote nan tout nivo pou sove lavi epi pou n pi byen pare pou pandemi nan lavni."

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG