Accessibility links

Breaking News

"Wòl Byelorisi nan Lagè Ikrèn nan"


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an:

Byelorisi se youn nan alye pi pwòch La Risi yo. Rejim sèl kòk chante Aleksandra Lukashenka a ap dirije peyi a depi 28 an, e li depann anpil sou La Risi pou egzistans li.

La Risi ap sibvansyone ekonomi fèb Byelorisi a depi dè dizèn lane atravè prè ak enterè ki ba anpil, gaz bon mache, epi kagezon petwòl. Pou soulaje konsekans sanksyon manm kominote entènasyonal la enpoze kont rejim Lukashenka a, La Risi dispoze asistans finansye pou li ankò.

Depi lè a, Byelorisi aji antanke konplis La Risi apre envazyon Ikrèn nan, e li sèvi tankou teren preparasyon pou inite lame Ris yo, pou atak yo lanse kont rejyon nò Ikrèn. Peyi a bay lame Ris la lòt kalite sipò tou. Yon ti tan apre lagè a komanse, yon referandòm konstitisyonèl moun paka fè konfyans te wetire kloz netralite Byelorisi yo ak objektif pou'l pa gen zam nikleyè lakay li, e li ajoute amandman ki pwolonje ak ranfòse kontwòl rejim Lukashenka sou pouvwa a. Lukashenka te sigjere tou ke Byelorisi taka aksepte zam nikleyè Ris lakay li.

"Byelorisi ak Prezidan Lukashenka kite Prezidan Putin pase endepandans li nan ten-ten, menm jan li derespekte swadizan souvrènte li," pòt pawòl Depatman d'Eta a Ned Price deklare.

"Se konsa sityasyon an ye depi kèk tan kounyea, pandan twoup Ris yo anvayi Byelorisi, planifye atak andedan teritwa souvren Byelorisi pou'l lanse yon atak ak envasyon san pwovokasyon, pre-medite ak san jistifikasyon kont yon peyi vwazwen. "

Desizyon Lukashenka pran pou'l apiye ak fasilite agresyon Moskou kont Ikrèn nan ale kont santiman popilè a nan peyi a. Dapre Chatham House, yon enstiti politik endepandan ki gen katye jeneral li nan vil Lond, 79% moun Byelorisi kwè okenn sòlda peyi a pata dwe mouri nan lagè Putin ap mennen nan Ikrèn nan. Plis pase mwatye pèp Byelorisi a kwè peyi a ta dwe rete net.

"Byelorisi ... vin de plizanpli sèrvil vizavi la Risi, ki montre yon lòt fwa ankò volonte Prezidan Lukashenka pou'l aji kont enterè pwòp pèp pa li pou'l ka rete nan bòn gras Moskou epi rete sou pouvwa a," pòt pawòl Price deklare.

"Rezilta apwi endefansib rejim nan pou menm fasilite sa nou we Ris yo fe nan Ikrèn, nap enpoze sanksyon. Nou enpoze sanksyon kont 2 douzen pesonaj ak antite Byelorisi. Aksyon sa yo vize sistèm defans Byelorisi a e yo gen rapò ak sektè materyèl ak finansye yo - 2 domèn ki gen lyen sere ak La Risi."

"Nou wè a plizyè repriz ke Prezidan Lukashenka mete sou kote - volonte pèp li epi mare lalo li ak Prezidan Putin nan objektif militè lap pousuiv kont Ikrèn yo," pòt pawòl Price deklare. " Si sa kontinye, Byelorisi pral fè fas ak mezi ki va kenbe'l kont pou sa."

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG