Accessibility links

Breaking News

Yon Moman Kritik pou Lanme a


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

Nan diskou li te pwononse nan ouvèti Konferans Nasyonzini sou Oseyan an nan vil Lisbon, Potigal, Sekretè Jeneral LONU an, Antonio Guterres te deklare oseyan mond lan an movèz eta.

"Nou pa okipe oseyan an e jodia nap fè fas ak sa'm ta dekri tankou yon ijans oseyanik," li te deklare.

Anvwaye Espesyal Prezidansyèl pou Chanjman Klimatik Etazini an, John Kerry dako, e li fè remake "se yon moman kritik pou oseyan nou an."

Vreman vre, statistik yo rakonte iswa a. Oseyan an absobe 30% diyoksid de karbon (CO2) planèt la voye nan atmosfè a chak ane akoz aktivite kretyen vivan ki koze lanmè a vinn pi asid. Disi ane 2050, ap gen plis plastik pase pwason nan lanmè a. Gen yon tyè pwason nan lanmè a ki mouri nan filè pechè yo chak jou. E gen 1,2 % sèlman nivo pi wo lanmè a ki pwoteje.

"Lavi moun an danje. Oseyan nou an manyen tout aspè lavi nou, kitse lè nou respire, oubyen manje nou konsome a," Sekretè Kerry deklare. "Fok nou reyalize ke okenn konvèsasyon konsènan oseyan an pa gen pou wè ak lanmè sèlman. Se yon kestyon chanjman klimatik."

"Ou paka separe oseyan an ak kriz chanjman klimatik la e okenn kriz paka jere san solisyon oseyan an e vise vèsa. Emisyon ki andomaje planèt la rechofe lanmè a, rann li pi asid, mwen pwodiktif, e sa lakoz nivo lanmè a ap ogmante. Nou paka rezoud kriz oseyan an san nou pap rezoud kriz gaz la."

"An menm tan, lanmè a se yon sous solisyon pou chanjman klimatik la," Sekretè Kerry deklare. "Nou bezwen konsève epi pwoteje kot nou yo, ekosistèm lanmè a ki stoke karbon pou pwoteje kot nou epi ranfose gouvènans zon lanmè ki pwoteje yo. "

"Dezyèman, fok nou finalize yon ako anbisye ak efikas pou konsèvasyon itilizasyon Biyodivèsite ki ale pi lwen pase jirisdiksyon nasyonal yo - sa ta kreye pou premye fwa, yon apwoch kowodone, ki travèse divès seksyon pou tabli zon lanmè ki pwoteje."

"Twazyèman, fonk nou sispann pratik temerè lapech ilegal, ki pa anonse e ki pa konwole," Misye Kerry deklare. " Lapèch sa yo ap andomaje lanmè a, minnen sekirite maritim nan epi menase pechè ki respekte lwa yo san bliye kominote yo."

E finalman "Fok nou pwofite moman sa a pou'n avanse yon ako sou polisyon plastik la nan tout nivo."

"Manda Nasyonzini pou l lanse negosyasyon miltilateral sou yon ako global legal se yon bagay nou akeyi ak brazouvè."

Misye Kerry di fok se youn nan pi gwo priyorite sistèm LONU an.

"Tout pwoblèm sa yo se pwoblèm kretyen vivan kreye e pou rezoud yo se yon kestyon volonte," Sekretè Kerry deklare. "Nou ka genyen batay sa a."

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG