Accessibility links

Breaking News

“Pwomouvwa Tranzisyon Demokratik nan Afrik de Lwes”


Yon editorial ki prezante opinion gouvenman Ameriken an.

Reprezantan adjwen ameriken nan Nasyon-Zini, anbasadè Richard Mills declare : nan moman kantite koudeta ak gouvènman tranzisyon ap ogmante nan Afrik delwès, enpòtans biwo Lonu pou Afrik delwès ak rejyon Sahèl ap vale teren tou.

Biwo sila-a, se yon misyon politik nan peyi Senegal kap travay nan domèn diplomasi prevantif nan rejyon-an. Biwo Nasyon-Zini pou Afrik Delwès ak Sahèl-la ofri apui ak konsèy bay gouvènman Mali, Gine ak Boukina Faso.

Anbasadè Mills egzòte otorite Mali yo pou retabli lòd konstitisyonèl nan peyi a, kote li òganize eleksyon nan lè yo dwe fèt la. Gouvènman an pran angaj pou l fè tranzisyon sou yon peryòd 24 mwa, myon peryòd ki pral pran fen nan mwa mas 2024. Anbasadè Mills continue pou l di : “ Nou kwè gouvènman tranzisyon Mali a pral santre atansyon li konplètman sou aplikasyon kritè referans yo pou tan ki rete nan tranzisyon an”

Reprezantan adjwen Etazini nan Nasyon-Zini an eksprime gwo kè-sote sou yon gwo kokenn kantite vyolasyon dwazimen kredid ak lòr kalte abi fòs zame malyen an ap komèt nan tèt kole ak gwoup Wagner a ki gen apui Kremlen an. Abi ak vyolasyon potansyèl say o, se egzakteman rezon ki fè nap bay lòt peyi avètisman pou yo pa antre nan patenarya ak gwoup Wagner ki jwenn sipò Larisi”.

Nan Peyi Gine, Dapre anbasadè Mills toujou, gouvènman tranzisyon an dwe respekte dwa pou popilasyon an rasable e òganize manifestasyon pasifik. Li lè li tan pou remèt peyi a bay yon demokrasi konstitisyonèl ki sou lobedyans yon gouvènman sivil”.
Reprezantan adjwen Etazini nan Lonu an ajoute : se menmman parèyman pou peyi Boukina Faso ki pwopoze yon tranzisyon 2 zan anvan yo pase kòn nan bay yon gouvènman sivil ki eli demokratikman. Nou ankouraje paten peyi a pou antre nan yon patisipasyon pozitif ak gouvènman tranzisyon a epi pou pran an konsiderasyon sekirite ak defi imanitè Boukina Faso ap konfwonte jounen Jodi a,

Anfen, nan nivo rejyonal, vyolans teworis ki vize sib militè e sivil ap vale teren nan rejyon Sahèl.
Sou bò pa li, Etazini continue ap travay ak kowalisyon global kap chache elimine òganizasyon teworis eta islamik yo. Kowalisyon an byen akeyi peyi Boukina Faso kom nouvo manm nan finisman ane 2021 mete ak peyi Benen nan prentan 2022 a. Kowalisyon an anonse tou fòmasyon gwoup fokis Afrik la an desanm 2021, yon gwoup ki vize ranfòse kapasite anti-teworis manm kowalisyon afriken an ki anba kontwòl sivil.

Anbasadè Mills fè remake, nap site : Afrik Delwès ak rejyon Sahèl la ap travèse yon kriz nan moman an. Men kriz sila-a kapab tounen yon opòtinite pou elimine latèrè e fè pwomosyon pou demokrasi, yon fason pou plase pèp nan rejyon an an premye. An nou tout continue travay nan tèt ansanm ak biwo Nasyon-Zini pou fè egzakteman sa.

Sete yon editoryal ki ban ou opinyon gouvenman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG