Accessibility links

Breaking News

Mete Dosye a Dwa Sou Ukraine


Kounyea, yon editorial ki reflete pozisyon gouvènman Etazini an:
Nan yon efò pou detounen atansyon sou sa li pèdi nan Ikrèn, e twouble moun sou lagè l ap mennen kont sivil nan Ikrèn, Reprezantan Pèmannan LaRisi nan Nasyon Zini an akize Etazini, Wayòm Ini ak kèk lòt peyi nan loksidan san li pa site non yo, kòmkwa se yo ki lanse “pi gwo gè ki fèt ak entèmedyè nan listwa, kont LaRisi kote yo sèvi ak Ikrèn e ke yo pare pou goumen “jouk rive nan dènye Ikrenyen ki ta rete a”. Apre sa li deklare se Ikrèn ak sipòtè li yo nan loksidan, se pa LaRisi, ki te tanmen gè a.

Li lè pou nou mete bagay yo klè. Anvan LaRisi te anvayi Ikrèn 24 Fevriye a, Li pa te sispann di ke li pa gen plan anvayi Ikrèn, pou repete pawòl Asistan Reprezantan Etazini nan Nasyon Zini Richard Mills devan Konsèy Sekirite l-ONU an.

« E kounyea LaRisi kenbe la ap akize lòt peyi kòmkwa yo refize mete kò yo sou kote pandan li menm l ap chache detwi yon lòt peyi manm l-ONU, yon vyolasyon kont Chart l-ONU ak kont lalwa entènasyonal. »

« Etazini pran angajman pou li sipòte moun nan Ikrèn pandan y ap defann vi yo, libète yo, ak demokrasi yo a. Nou pa kache sipò nou … E nou pa pwal sispann sipò nou pou Ikrèn sèlman paske LaRisi fristre daprezavwa efò li pou fè chanjman rejim nan pa mache jan li te prevwa a. »

« Tout peyi gen dwa defann tèt yo, ann akò ak Atik 51 Chart l-ONU an. Se yon prensip senp ki ale dwat. Chak manm Nasyon Zini gen dwa pou li granmoun tèt li e pou li pwoteje tout teritwa li,” se Anbasadè Mills ki pale konsa.

“Si w te nan plas Ikrèn, kouman w ta reponn si yon pi gran vwazen te anvayi w? Si vwazen w te voye lame li antre nan vil ou yo, sou tè w – ki sa w ta fè? Ki sa w ta mande kominote entènasyonal la pou li fè pou wou? »

« Pa gen okenn nan nou isit la ki ta senpman abandone istwa ak idantite peyi nou anba atak, pandan bonbadman ta redui vil nou yo an debri, pandan moun nou ap mouri, e kite anvayisè a pran teritwa nou. Nou ta mande sipò entènasyonal fas ak yon agresyon klè konsa. »

« Ikrèn ap reponn envazyon an jan nenpòt nan nou ta fè – nan defann tèt li. Nou bat bravo pou Fòs Ame Ikrèn nan yo ak tout sitwayen Ikrèn ki kontinye ap enspire mond la ak anpil talan e ak yon kouraj pwofon. »

Anbasadè Mills di, « Etazini fyè pou li kanpe ak Ikrèn e ak alye ak patnè nou yo nan plis pase 50 peyi ki bay asistans ki enpòtan anpil pou sipòte Ikrèn ki ap defann dwa granmoun lakay li ak teritwa li fas ak agresyon LaRisi. »

Sete yon editoryal ki reflete pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG