Accessibility links

Breaking News

Pote Èd pou Moun ki plis Bezwen li ann AYITI


Kounyea, yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an:

Pandan Ayiti ap fè fas ak yon kolera ki retounen pou touye moun, gang ap kontinye simaye vyolans. Sekretè Deta Blinken « kondane ak tout fòs zak vyolans yo, piyaj la, destriksyon ki fèt nan semèn ki pase yo, antwòt gang ki kontinye mete blokaj sou distribisyon petwòl, sa ki devaste tout Ayiti, minen sistèm sante a, minen sante dè milye moun. »

Kòm repons pou kriz la, Etazini anonse nouvo mezi pou pote sipò bay pèp Ayiti a e fè moun sa yo k ap simaye vyolans lan pote responsablite pou zak yo.

Òganizasyon Panamerikèn Lasante estime ke plis pase 1 milyon 200 mil moun riske trape kolera. Anplwaye USAID ak Sant pou Kontwòl Maladi yo, yo sou teren an ann Ayiti, kote y ap travay ansanm ak travayè lasante ayisyen yo ak ONG yo pou reponn epidemi kolera a e pote swen sante bay moun ki bezwen li. “Nou pwal akselere livrezon plis sekou imanitè pou pèp Ayiti a, » se pwomès Sekretè Deta Blinken.

Etazini ap travay tou pou deplwaye asistans pou Polis Nasyonal Ayiti a pou ranfòse kapasite li pou fè fas kare ak gang yo e retabli lalwa ak lòd. Pandan 18 mwa ki pase yo, Etazini debloke plis pase 90 milyon dola nan asistans sekirite pou ranfòse kapasite Polis Ayiti a pou konbat krim.

Nan efò pou fè aktè mechan yo pote responsablite pou zak yo, Etazini lanse yon nouvo restriksyon sou viza nan kad Lwa Imigrasyon ak Nasyonalite a kont aktyèl oubyen ansyen otorite nan gouvènman ayisyen an ansanm ak lòt moun ki enplike nan operasyon gang nan lari a ak lòt òganizasyon kriminèl ayisyen. Politik sa a konsidere tou sipò ke move aktè sa yo ka bay nan finanse oubyen fasilite trafik zam oubyen dwòg. Aksyon konsa ap vize tou manm fanmi pwòch moun sa yo.

Anplis, nan nivo aksyon nan tèt ansanm ant plizyè peyi, Etazini ak alye li yo ekri yon pwojè-rezolisyon ki pwopoze sanksyon ki byen vize aktè mechan sa yo pou pèmèt kominote entènasyonal la fè yo pote responsablite pou aksyon yo.

“Ak aksyon sa yo e ak lòt ankò,» se Sekretè Deta Blinken k ap pale, “nou dwe prezante nan jou ak semèn k ap vini yo… yon mesaj klè ke Etazini pwal kontinye sipòte pèp ayisyen an nan moman kritik sa a.”

Sete yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG