Accessibility links

Breaking News

Viktwa Diplomatik an 2022


Blinken US Mayors
Blinken US Mayors

Kounyea, yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an:

Nan yon konferans pou laprès nan finisman ane, Sekretè Deta Anthony Blinken te souliyen 4 nan domèn kote nou te fè an 2022 travay diplomatik ki gen plis konsekans.
Dabò, li moutre, Etazini « te rasanble mond la pou asire ke lagè LaRisi nan Ikrèn nan se yon echèk nan domèn estratejik. »

« Depi 24 Fevriye, nou reyini ansanm dè douzèn alye ak patnè pou pouse sekirite, sipò ekonomik ak imanitè pou pèp Ikrèn nan pandan li kanpe pou defann demokrasi nan peyi li, dwa granmoun lakay li, ak endepandans li. Sipò nan tèt-ansam nou an – ki gen ladann kounyea 1 milya 850 milyon dola asistans militè Etazini… pèmèt konbatan yo nan Ikrèn fè kontr-atak, libere pèp yo, repran plis moso nan teritwa yo. »

2èmman, “nou akselere tèt-ansanm estratejik ak alye ak patnè nou yo sou kesyon Repiblik Popilè LaChin nan, » se pawòl Sekretè Deta Blinken.

« Nan mwa Me, mwen te prezante estrateji nou pou reponn defi Replik Popilè LaChin nan; envesti nan sa ki reprezante baz ki sipòte fòs lakay nou; aliyen ak patnè e ak alye nou yo; fè konpetisyon ak LaChin pou nou defann enterè nou e reyalize vizyon nou pou lavni. »

Plis toujou, Etazini ak alye li yo rete ini nan angajman yo pou prezève lapè ak stabilite nan tout Detwa Taiwann nan e kontinye moutre enkyetid e answit pote-kole pou pote yon repons kont abi kont dwa moun nan rejyon Xinjiang ak Tibè, e devan libète lapawòl k ap fè bak nan Hong Kong.

3èmman, Etazini mobillize koalisyon pou livre solisyon pou sekirite alimantè, sante, enèji ak klima, ak kwasans ekonomik ki pa kite okenn gwoup dèyè.
Finalman, “nou sèvi ak pouvwa diplomasi Etazini an pou fè vanse lapè e anpeche epi kontwole konfli, se pawòl Sekretè Deta Blinken. »

« Ansanm ak tokay nou ki soti Israel, Mawòk, Bahrain, Emira Arab Ini, ak Ejip, mwen te patisipe nan Somè Istorik Negev la pou fè vanse entegrasyon peyi yo nan Mwayenn Oryan an e nòmalize relasyon antre yo. Nou te travay sou yon akò istorik ant Israel ak Liban pou rezoud chire-pit ki te la lontan antre yo sou kesyon limit lanmè. Nou te sipòte chita-koze ki te gen Afriken nan tèt yo, ki te jwenn yon fen nan batay ant Etyopi ak fòs Tigre yo. Nou te ede vini ak yon akò-kad pou remete Soudan sou chimen demokrasi ke sivil ap dirije. Nou te ede jwenn – e apre sa pwolonje – yon ola nan konfli Yemen nan. »

Lè nou gade 2023, pou repete Sekretè Deta Blinken, Etazini ak patnè li yo pwal kontinye travay ansanm pou bati yon moun ki lib, ouvè, ki gen sekirite, ak pwosperite.

Sete yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG