Accessibility links

Breaking News

Etazini Ogmante Sanksyon Kont Gwoup Wagner A


Kounyea, yon editoryal ki reflete pozisyon gouvènman Etazini an:

Etazini ap ogmante sanksyon kont Gwoup Wagner a, òganizasyon para-militè ki gen apwi Kremlen an, ki gen nan tèt li Yevgheniy Prigozhin. Manm gwoup la angaje nan atwosite ak abi kont dwa moun nan Ikrèn ak lòt kote nan mond la.

Sanksyon Etazini yo vize enfrastrikti kle nan Wagner ak prensipal konpayi ki asosyasyon ak yo, koneksyon ke yo gen ak sektè lò ak dyaman, operasyon li sou channbatay nan Ikrèn, pwodiktè zam pou LaRisi, ak moun ki administre zòn ke LaRisi okipe nan Ikrèn.

« Aksyon sa a, » se Sekretè Deta Anthony Blinken k ap pale, « sipòte bu nou ki se degrade kapasite Moskou pou li fè lagè ak Ikrèn, fè moun ki responsab lagè agresyon LaRisi nan Ikrèn nan ak lòt abi, pote responsablite pou zak yo, e mete presyon sou sektè defans LaRisi a. »

Gwoup Wagner a, dapre nouvèl yo, deplwaye 50-mil konbatan nan Ikrèn, pami yo 10-mil kontraktè ak 40-mil prizonye ki anba kondanasyon, ke LaRisi te rekrite nan prizon lakay li, dapre Mezon Blanch.

Nouvo sanksyon ke Depatman Deta anonse yo vize yon pakèt enfrastrikti kle Wagner – pami yo yon konpayi avyasyon ke Wagner itilize, yon òganizasyon pwopagann, ak konpayi ki plis parèt nan operasyon Wagner yo.

Anplis, Depatman Deta anonse kèk pa pou mete restriksyon sou viza sou 531 manm lame Federasyon Ris la pou aksyon yo ki menase souverènte, respè pou teritwa, oubyen endepandans politik Ikrèn.

An menm tan, Depatman Trezo deziyen Gwoup Wagner a kòm responsab pou vyolans li kont sivil nan Repiblik Sant Afrik, pami lòt rezon.

Pou premye fwa, Etazini deziyen gwoup Wagner a kòm yon Gwo Òganizasyon Kriminèl Transnasyonal, sa ki ogmante sanksyon kont gwoup la. « Pèsonèl ki ap travay pou Wagner,” dapre yon kominike Depatman Trezò, « angaje yo nan yon seri aktivite kriminèl grav, pami yo ekzekisyon an gwoup, vyòl, kidnape timoun ak abi fizik nan Repiblik Sant Afrik e nan Mali. »

Sanksyon ke Etazini ogmante kont gwoup Wagner a yo rekonèt menas transkontinantal ke gwoup la tounen, antwòp ann Afrik e nan lagè brital ke LaRisi chwazi pou li fè nan Ikrèn nan.

Sekretè Deta Blinken di, “Etazini kanpe tennfas nan detèminasyon nou kont agresyon LaRisi a ak lòt konpòtman ki ap fè destabilizasyon nan mond la. »

Sete yon editoryal ki reflete pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG