Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an:
Yon lòt fwa ankò, gouvenman Venezyela pran yon mezi anti-demokrat kote li entedi kandida opozisyon Maria Corina Machado okipe okenn pòs piblik pandan 15 zan.
Machado, yon enjenye ak ansyen depite ki gen 55 an, tap mennen sondaj ki te fet pou eleksyon prime yo pou chwazi yon kandida pou reprezante pati Inite a, epi fe fas ak Prezidan Nicolas Maduro nan eleksyon 2024 la.
Lezetazini apiye dwa konstitisyonel pep Venezyelyen an genyen pou eli lide yo atrave eleksyon lib e onet. "Desizyon pou diskalifye Maria Corina Machado patisipe nan pwosesis elektoral la anpeche pep Venezyelyen an jwe dwa politik de baz yo," pot pawòl Depatman d Eta Matthew Miller deklare.
"Venezyelyen yo merite chwazi yon kandida pou patisipe nan eleksyon prezidansyel 2024 yo san okenn enteferans."
Oganizasyon Eta Ameriken yo ( l OEA) kondane tou, diskalifikasyon Machado a. L OEA deklare: "rejim nan ap sevi ak diskalifikasyon ak proskripsyon pou l kenbe pouvwa a epi elimine tout sanblans demokrasi nan moman kriz politik sosyal, imanite ak ekonomik peyi a ap viv vinn pi grav."
Venezyela gen pi gwo rezev petwol nan mond lan, men gen rate manje ak medikaman lakay li epi bagay sa yo koute tet neg. Yon afe 7 milyon Venezyelyen - preske yon ka popilasyon an - kouri kite peyi a. Tandiske ekonomi an rekomanse pran fos, to enflasyon anyel la rete a 400 pousan, dapre Bank Santral la.
Etazini gen gwo ke sote pou jefo kap fet pou refe konpozisyon Konsey Elektoral Venezyela a. Yon konsey ki fo ak endepandan endispansab pou ka gen eleksyon lib, onet ak konpetitif. Si li ka asire vwa tout Venezyelyen reprezante nan Konsey Nasyonal Elektoral la, sa va ogmante kredibilite li ansanm ak konfyans elekte yo.
"Nou kanpe solide ak Venezyelyen yo nan jefo yap fe pou gen eleksyon lib e onet an 2024, retabli enstitisyon demokratik yo epi mete fen nan kriz imanite Venezyela a, pot pawol Miller deklare. " Nou pral kontinye travay ak patne entenasyonal nou yo pou fe fas ak bezwen pi ijan pep Venezyelyen an genyen andedan ak andeyò peyi yo. Etazini pral rann responsab tou, sa yo kap chache minnen volonte pep Venezyelyen an. "
Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvenman Ameriken an.