Accessibility links

Breaking News

Abòde Kesyon Migrasyon Nan Amerik Yo


Kounyea, yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an:

Chak ane, dè santèn milye moun nan emisfè Wès la kouri kite peyi yo pou yo chape anba vyolans oubyen mizè. Yo vwayaje long distans pou yo chache nouvo kay, anpil fwa nan kondisyon malouk e anpil fwa tou nan travèse teritwa ki danjere. Sou wout, dè santèn nan yo mouri.

Se pou sa, an Jen 2022, Administrasyon Biden nan te mete ak 21 lòt lidè pou yo siyen Deklarasyon Los Angeles pou Migrasyon ak Pwoteksyon.

Se « san di petèt … yon defi pou rejyon an, vrèman yon defi pou mond la, e se pa yon sèl peyi ki pote responsablite nan zafè sa a, » se pawòl Katie Tobin, ki se Vis-Asistan prezidan an nan Konsèy Sekirite Nasyonal la epi kòdonatè Deklarasyon Los Angeles la.

« Deklarasyon Los Angeles la … santre tout bon sou efò pou mete estabilite nan popilasyon yo kote yo ye a, nan fè li pi fasil pou yo rebati lavi yo kote yo ye a; nan ogmante wout legal nan tout rejyon an, pa sèlman pou yo vini Etazini, men pou ale nenpòt kote yo ka reyini ak fanmi yo, jwenn travay, chache pwoteksyon nan tout emisfè a; e apre sa, pou nou tout jere fwontyè nou yon jan imen. »

Konsa, pa ekzanp, « Nou ap travay men nan men ak peyi tankou Panama ak Kolonbi pou abòde defi imanitè ki nan Espas Darién nan, » se pawòl Vis-Asistan Tobin. Espas Darién nan, yon rejyon mòn ak raje kote li preske enposib pou moun pase, sou fwontyè ant Panama ak Kolonbi, se koridò ki pi danjere nan mond la pou migran.

« Nou abòde pwoblèm nan 2 fason byen klè nan Panama, nan sipòte gouvènman laba a pou li rapatriye plis moun ki rive nan Darién e ki pa gen yon baz legal pou yo rete nan peyi a. … Nan Kolonbi, nou gen yon enterè komen pou nou bay moun yon lòt chwa apa de travèse espas Darién nan, e konsa nou ap travay men nan men ak Kolonbyen yo nan efò pou mete plis mwayen legal pou migran yo. »

Nou ap travay tou nan tèt kole ak Meksik pou abòde koz ki nan rasin pwoblèm migrasyon an, se pawòl Vis-Asistan Tobin.

« Se yon bagay kote Prezidan Biden ak Prezidan Lòpez, tou le 2 gen anpil enterè ak konviksyon ke yo dwe envèsti nan sous pwoblèm nan. E konsa, nou siyen yon Nòt Konpreyansyon Ofisyèl ant ajans devlopman nou, USAID, ak ajans devlopman pa yo, AMEXCID, e nou kontinye laji asosyasyon nou nan Amerik Santral e nou espere fè sa lòt kote toujou nan emisfè a. »

« Etazini ak Meksik pou kont yo p ap janm ka rezoud defi migrasyon an, omwen nan Emisfè Wès la, » se Vis-Asistan Tobin ki ap pale, « konsa nou pwal kontinye travay pou ranfòse asosyasyon nou ak tout 22 peyi ki nan Deklarasyon Los Angeles la e vrèman ak tout emisfè a. »

Sete yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG