Accessibility links

Breaking News

Jounen Entènasyonal Fanm 2024


Kounyea, yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an:

8 Mas, kominote mondyal la mete ansanm pou selebre Jounen Entènasyonal Fanm. Se yon opòtinite pou nou selebre reyalizasyon medam yo nan listwa e nan tout nasyon, e pou moutre klè pwoblèm ki kontinye anpeche fanm avanse, tankou abitid diskriminasyon ant fanm ak gason, inegalite antre yo, restriksyon sou dwa pou yo repwodui, vyolans ki baze sou sèks, ak baryè ki anpeche medam yo bay tout patisipasyon yo nan sosyete a.

« Malgre dè dizèn lane pwogrè, twòp kote nan mond la gen atak ki kontinye ap fèt sou dwa fanm ak tifi, sa ki bloke avansman kèk kominote tou antye, » se pawòl Prezidan Joe Biden.

« Nou wè li nan Afganistan, kote Taliban refize kite fanm ak tifi ale lekòl ni chache travay. Nou wè li nan Iran, kote rejim nan ap anplwaye represyon brital pou mete baboukèt nan bouch fanm vanyen ki kanpe pou reklame libète yo. E fas ak LaRisi ki lanse yon envazyon mechan ak enjis nan Ikrèn, kote antwòt vyòl sèvi kòm zam lagè, nou pa ka konte fanm vanyan ke nou wè ki ap batay pou dwa moun ak libète fondamantal tout moun Ikrèn. »

Medam yo fè yon bon valè avans, menm nan plis pase 20 lane ki pase yo. Nou ka konte pwogrè nan egalite ak gason yo, nan patisipasyon yo nan fonksyon politik, nan rediksyon kantite ki mouri nan fè pitit; e nan refòm ki ap fèt nan lwa yo pou mete fen nan vyolans kont fanm. E poutan nan anpil peyi, fanm kontinye fè fas ak baryè ki anpeche yo jwenn sèvis finansye tankou genyen kont an bank epi prete lajan, pran eritaj ki vini pou yo, antreprann biznis, jwenn edikasyon avanse ak travay ki pa lakay yo. Nou tande twòp ka kote yo paka patisipe nan pran desizyon sou kesyon ki afekte yo plis pase gason yo.

« Ankouraje opòtinite pou fanm ak tifi, sa bay plis fòs, estabilite, ak pwosperite pou tout moun, » se Prezidan Biden ki pale konsa. « E nou konnen ke nou paka rezoud okenn nan gwo defi mondyal yo nan tan pa nou an si nou kite dèyè mwatye nan popilasyon an. Konsa jodia, pandan nou ap selebre akonplisman ak kontribisyon medam yo toupatou nan mond la, nou re-afime tou angajan pou nou asire ke tout moun ka reyalize tou sa ki nan posiblite yo. »

Fanm yo se youn nan pi gwo resous peyi a ke nou pako itilize. Nenpòt sosyete ki gen pwoblèm pou li pwospere dwe koumanse ankadre fanm ki ladann, e ankouraje lide pou yo ekzèse tout dwa ke mesye yo deja ap jwi.

Nan Jounen Entènasyonal Fanm yo nou rekonèt ke dwa fanm se dwa moun. Nou selebre fanm, e nou renouvle angajman nou pou fè mond la yon lye kote fanm pa rete deyò oswa dèyè kamyonèt la, men kote yo resevwa onè, respè, e kote yo lib pou reyalize tout posiblite ki nan yo.

Sete yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG