Accessibility links

Breaking News

Etap Pou Mete Estabilite Politik Ak Sekirite Ann Ayiti


Kounyea, yon editoryal ki prezante politik Etazini:

Kriz politik ak vyolans ki ap ogmante ann Ayiti kreye yon sityasyon ke pèp ayisyen an paka sipòte.

Sekretè Deta Antony Blinken di:

« Fòk gen aksyon ijan nan domèn politik ak sekirite pou ede bagay yo vanse nan yon pi bon direksyon, pou ede pèp ayisyen an fè sa ki bon. »

« Nou sipòte plan pou kreye yon konsèy prezidansyèl endepandan ki baze sou plizyè tandans e ki ouvè pou tout moun, e sitou dabò ki ap fè kèk pa byen klè pou reponn sa pèp Ayiti a bezwen touswit. »

« 2èmman, fasilite Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la deplwaye san pwoblèm. »

« E 3èmman, gras ak deplòtonnman sa a ki pwal ranfòse Polis Nasyonal Ayiti a, kreye kondisyon sekirite ki nesesè pou ka gen eleksyon lib e san pati pri, pou pèmèt asistans imanitè al jwenn moun ki bezwen li, e pou ede remete Ayiti sou chimen opòtinite ak kwasans ekonomik. »

Lè li konsidere bezwen ijan Ayiti, Depatman Defans Etazini ap double sipò li pou rive nan 200 milyon dola pou Misyon Sipò Miltinasyonal la pou Ayiti.

E Depatman Deta ap ajoute 33 milyon dola asistans imanitè anplis.

“Se sèlman pèp ayisyen an ki dwe detèmine pwòp avni li – okenn lòt moun.”

“Men… nou ka ede.”

“Nou ka ede retabli yon fondasyon pou sekirite ki ka takle soufrans grav ke inosan ayisyen ap sibi e ede kreye kondisyon ki pwal pèmèt li jwenn opòtinite sa a.”

Sete yon editorial ki prezante politik Etazini.

XS
SM
MD
LG