Accessibility links

Breaking News

Anivèsè Atak Ak Gaz Pwazon Sou Ghouta, Nan Siri


Yon karavàn blende Ameriken deplase twoup soti nan peyi Siri nan Irak sou Oktòb 21, 2019.
Yon karavàn blende Ameriken deplase twoup soti nan peyi Siri nan Irak sou Oktòb 21, 2019.

Men yon editoryal ki reflete opinyon politik gouvènman ameriken an.

Mwa sa a make 7èm anivèsè atak motèl ak zam chimik ki te fèt sou Ghouta, nan peyi Siri. Nan dat 21 daout 2013, nan katye sa a ki ozanviwon vil Damas, rejim Bashar al-Assad la te vide gaz pwazon ki rele sarinn nan sou plis pase mil 400 sitwayen siryen –pi fo nan viktim yo sete timoun.

Kòm yon omaj pou viktim zak kriyèl sa a, Lèzetazini te deside pran 6 sanksyon kont Lame rejim Assad la, kont gouvènman l nan e kont patizan ki t ap apiye l nan sektè finansye a. Lèzetazini te enpoze sanksyon sou yon bouwo osèvis Assad ki rele Yasser Ibrahim, daprè Dekrè Prezidansyèl No. 13 mil 894 la, poutèt dispozisyon misye te pran pou l kanpe ankwa devan tout solisyon politik pou konfli a nan Siri. Ibrahim sa a, ki te itilize rezo li genyen atravè tout rejyon Mwayen Oryan an e menm pi lwen toujou, te fè yon seri deal ki anrichi Assad, tandiske pèp siryen an ap mouri akoz manje ak medikaman li pa jwenn.

Se konsa tou, toujou nan kad aplikasyon Dekrè No. 13 mil 894 la, Lèzetazini te plase kòmandman anpil inite militè siryen anba sanksyon poutèt yo te mele nan efò pou anpeche mizanaplikasyon tout seselfe nan Siri. Youn nan lidè militè sa yo sete kòmandan Fadi Saqir. Te genyen sou lis la tou kòmandan 42èm brigad 4èm divizyon an, brigadye jeneral Ghaith Salah. Anfen, Lèzetazini te epingle kòmandan Samer Ismail, ki te nan tet yon rejiman ki rele Fòs Tig la.

Daprè sa Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, di: “Ofisye siperyè sa yo te nan tèt lame siryèn nan lè li t ap touye timoun ak barik eksplozif epi itilize zam chimik kont kominote tankou kominote Ghouta a. Yo te vyole kontra sosyal ki te pase ant sitwayen yo avèk lame, kote lame te prete sèman pou l defann sitwayen yo.” Depi mwa jen 2020 an, Lèzetazini deziye plis pase 55 moun poutèt yo egzekite lòd pou yo aplike politik fewòs Assad la.

Nan yon nòt Sekretè Deta Pompeo pibliye sou kont Twitter li, li di:

“Nouvo sanksyon sa yo se yon orezon finèb pou viktim ki te mouri nan atak ak zam chimik Assad la nan kominote Ghouta a. Nou pa p jannm sispann fè presyon pou responsab yo rann kont pou zak yo e pou nou jwenn yon solisyon pasifik nan konfli siryen an.”

Sete yon editoryal ki t ap bay opinyon politik gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG