Accessibility links

Breaking News

Ann Fè Otorite Chinwa Yo Rann Kont Pou Abi Dwamoun Yo Komèt


Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Pati Kominis Chinwa a, oubyen PKCH, enpoze kèk restriksyon malouk sou libète lapawòl, relijyon avèk kwayans, asosyasyon epi dwa pou moun rasanble pasifikman nan Lachin. Sekretè Deta Mike Pompeo fè konnen: “Lèzetazini pale klèò pou l di moun ki komèt abi dwamoun tankou sa yo, pa gen plas yo nan peyi nou an.”

Pou Lèzetazini reyalize objektif sa a, li enpoze plis sanksyon toujou nan kad aplikasyon Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite konsènan livrezon viza pou otorite chinwa ke Washington konsidere kòm responsab pou –oubyen ki mele nan- politik ak aksyon ki vize tabli represyon sou moun poutèt relijyon yo ou kwayans yo, manm gwoup etnik minoritè yo, opozan, defasè dwamoun, jounalis, dirijan sendikal, dirijan sosyete sivil, avèk manifestan pasifik. Manm fanmi otorite sa yo byen kapab tonbe anba sanksyon tou. Nouvo restriksyon yo aplikab pou tout otorite chinwa ki mele nan politik oubyen aksyon kraze zo kont gwoup nou site yo, kèlkeswa kote otorite sa yo ye.

Ane sa a, Lèzetazini enpoze restriksyon viza ak sanksyon ekonomik sou otorite PKCH ki responsab pou abi efrayik ki te dewoule nan Xinjiang yo, pou limit Lachin te mete sou aksè diplomat ameriken nan Tibè e pou patisipasyon yo nan eliminasyon oubyen modifikasyon otonomi Lachin te pwomèt Hong Kong nan kad Deklarasyon Konjwen Sino-Britanik la. Aksyon sa yo demontre fèm volonte gouvènman ameriken an pou l fè PKCH a rann kont pou represyon l ap komèt sou pèp chinwa a, yon represyon li pa sispann ranfòse.

Lèzetazini kanpe avèk tout gwo kantite moun sa yo ke PKCH a ap pèsekite poutèt y ap eseye egzèse dwa fondamantal yo. Pami moun sa yo genyen, antwòt: Avoka Xu Zhiong Paste Wang Yi –k ap dirije yon legliz ki reyini nan yon kay-, militan sosyete sivil Huang Qi, pwofesè invèsite Ilham Tohti –manm gwoup etnik Uighur la-, Jimmy Lai, yon militan pwo-demokrasi nan HongKong, avèk lengwis e òmdafè tibeten Tashi Wangchuk.

Sekretè Deta Pompeo mande “liberasyon imedyat moun sa yo e li lanse yon apèl prese bay otorite yo nan PKCH a pou l mande yo respekte dwamoun ak libète fondamantal yo, ke pèp Lachin nan byen merite daprè Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG