Accessibility links

Breaking News

Ayiti Fòme yon Gouvènman Tèt-Ansanm


Kounye-a yon editoryal ki reflete pozisyon Gouvènman Etazini an:

Etazini byen akeyi premye efò lidè politik yo ann Ayiti te fè, lè yo te antann yo pou chwazi yon Premye-Minis ak yon kabinè pou trase yon wout pou peyi a vanse apre asasinay Prezidan Jovenel Moïse.

Moïse ki te gen 53 lane, mouri asasinen nan rezidans prive-li nan mòn yo ki sou tèt Potoprens, 7 Jiyè pase, pandan madanm li, Martine Moïse, te blese grav.

Claude Joseph, ki te premye-minis pwovizwa Ayiti nan moman asasinay prezidan Moïse, te dakò pou l rale kò l e kite plas pou yon gouvènman ki gen patisipasyon tout tandans, k ap gen kòm prensipal travay pou l retabli sekirite ak tabli kondisyon nesesè pou fè eleksyon lib ak onèt.

Gouvènman an ap gen nan tèt li Dr. Ariel Henry, ke Moïse te chwazi pou ranplase Joseph yon jou sèlman anvan prezidan ayisyen an te mouri asasinen. Sekretè Deta Anthony Blinken kalifye fòmasyon nouvo gouvènman ayisyen an kòm yon "pa pozitif e nesesè pou reponn bezwen pèp ayisyen an e koumanse retabli enstitisyon demokratik yo ann Ayiti."

Nan moman lanmò Moïse la, Ayiti te deja ap fè fas ak yon kriz politik ki t ap vin pi malouk, ansanm ak yon kriz konstitisyonèl kote gen yon palman ki p ap fonksyone, yon Tribinal Siprèm redui, yon mank majistra kominal eli, ak kèk grenn palmantè ki te rete nan pòs yo. Nasyon an ap fè fas tou ak yon ogmantasyon vyolans gang ak kidnapping.

Etazini, ansanm ak kominote entènasyonal la, ekzòte Premye-Minis Henry ak lòt lidè politik pou yo ranfòse angajman yo ak yon sosyete sivil, politik, ekonomik solid pou fè vanse yon dyalòg ki gen patisipasyon tout sektè, ki reponn bezwen pèp ayisyen an e poze baz travay pou stabilite ak pwosperite k ap la pou lontan.

"Nou rete ak detèminasyon pou n sipòte gouvènman ayisyen an nan ankèt sou asasinay Jovenel Moïse la, nan ogmante efò vaksinasyon kont Covid-19, nan travay ak Polis Nasyonal la anfavè sekirite ak rèy lalwa, e nan travay ansanm ak kominote entènasyonal la pou tabli kondisyon ki nesesè pou Ayisyen ka vote san pèdi tan," se deklarasyon Sekretè Deta Blinken.

Etazini lanse apèl pou mande tout Ayisyen travay ansanm pou mete lapè e nou pwal travay pou sipòte pèp ayisyen an pandan l ap bati yon peyi stab, pwospè ak demokratik.

Sete yon editoryal ki reflete pozisyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG