Accessibility links

Breaking News

Demokrasi pwoteje dwa moun pi byen


Men yon editoryal k ap ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

Libète relijyez se yon dwa fondamantal ki anrasinen nan Premye Amandman Konstitisyon Amerikèn nan. “Kongrè a pa kapab fè okenn lwa ki ta etabli yon relijyon, oubyen anpeche lib egzèsis libète relijyon.”

Peter Berkowitz, Direktè Planifikasyon Politik nan Depatman Deta, deklare genyen yon korelasyon ant peyi ki pwoteje libète relijyon ak lòt peyi ki respekte lòt dwa de baz yo:

“Nou konnen, kòm yon kesyon elemantè, korelasyon solid ki egziste ant peyi ki pwoteje libète relijyon ak peyi ki pwoteje tout lòt libète ki chè pou Lèzetazini tradisyonèlman. E, tou natirelman, se yon bagay ki fè sans si w ap pwoteje libète pou moun gen diferans dopinyon sou youn nan kesyon ki te vo plis lapèn pou kretyen vivan batay pou yo: Diferans dopinyon konsènan Bondye.”

Gen peyi ak rejim gwo ponyèt –pami yo nou jwenn Lachin, Iran avèk Larisi- ki pretann ke, paske Lèzetazini pa respekte dwamoun pafètman lakay li, li pa gen okenn baz pou l ap fè pwomosyon pou respè dwa sa yo aletranje. Sepandan, Direktè Berkowitz konsidere lide sa a kòm “yon lide ki chokan.”

“Gen yon diferans fondamantal ant demokrasi liberal yo tankou Lèzetazini, ki gen baz yo sou yon afimasyon dwamoun, avèk peyi tankou Lachin, Iran, Larisi, ki refize aksepte ata lide dwamoun nan… Natirèlman, mwen pa vle di pa genyen disidan ki plen kouraj nan Larisi, Lachin ak Iran. Nou byen konnen yo egziste. Sepandan sosyete politik la nan totalite li pa gen pèmisyon pou l fè konvèsasyon sou dosye sa a.”

Direktè Berkowitz ajoute ke Deklarasyon Endepandans Amerikèn nan avèk Deklarasyon Dwamoun l’ONU an tabli yon prensip inivèsèl pou jije tout fòm gouvènman e yo ta dwe reprezante aspirasyon tout gouvènman. Li eksprime espwa tou ke “pèp yo va fin pa konprann ke demokrasi liberal la se fòm gouvènman ki pi kalifye pou fè respekte dwamoun.”

Sete yon editoryal ki t ap ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG