Accessibility links

Breaking News

Efò Koalisyon An Pou Konbat ISIS Ap Kontinye


Men yon editoryal ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.
Defèt gwoup Eta Islamik la ki pèdi tout teritwa ke li te rele kalifa li a an 2019 sete yon kokenn viktwa. Depi lè a, yon afè 8 milyon moun tounen lakay yo e sèvis de base yo rekoumanse fonksyone.

Men menas gwoup Eta Islamik la pa sispann, jan Minis Afè Etranjè yo nan Koalisyon Mondyal pou kale ti gwoup Eta Islamik-la rekonèt li nan yon kominike an komen apre yon reyinyon yo sot fè, sa pa gen lontan, sou Entènèt.

Minis yo te fè remake aktivite ti gwoup Eta Islamik ki rete a ki ogmante nan Irak ak Siri; danje ke afilye Eta Islamik yo reprezante nan tout rejyon Wès-Afrik la ak Sael, ak menas k ap parèt nan Ès Afrik. Yo fè wè tou defi konbatan etranje yo ki anba kòd nan Irak ak Siri.

Nan yon konferans pou laprès anvan reyinyon an, Anvwaye Espesyal Pwovizwa Etazini pou Koalisyon pou Defèt Gwoup Eta Islamik la John Godfrey deklare sant prizonye pou kenbe konbatan etranje Eta Islamik yo "se yon pwoblèm kap gwosi."

Fòs Demokratik yo nan Siri kontinye ap veye anviwon 10-mil konbatan Eta Islamik, pami yo apeprè 2-mil Irakyen ak 2-mil konbatan teworis etranje, nan sant prizonye ki mal fèt. Msye Godfrey di, "Pandan prizonye sa yo ap tann pou nou rapatriye yo e pou peyi pa yo jije yo, patnè lokal nou sou teren an bezwen sipò pou ede yo asire kondisyon imen ak sekirite pou prizonye yo."

Apa de sant prizonye pou konbatan teworis etranje yo, gen kè-sote sou kesyon kan imanitè pou moun ki kite kay yo, pami yo manm fanmi konbatan etranje Eta Islamik yo. Al-Hol se pi gran pami kan imanitè sa yo.

Anvwaye Espesyal Pwovizwa Godfrey lonje dwèt sou masak ki te fèt, sa pa gen lontan, sou rezidan Al-Hol yo. Li di, "Masak sa-yo reflete menas ki toujou la, an palan de gwoup Eta Islamik la ak kriminèl ki afilye ak yo kont sivil inosan nan Al-Hol."

Kòm repons pou defi ki devan Al-Hol, ant 28 Mas ak 2 Avril pase a, Fòs Demokratik Siryen yo te lanse yon operasyon pou degrade fòs lènmi yo e deranje aktivite Eta Islamik andan kan imanitè a ak amelyore sekirite pou sivil.

Anvwaye Espesyal Pwovizwa Godfrey kalifye sityasyon an kòm "yon pwoblèm entènasyonal ki mande yon solisyon entènasyonal." Li di, "Nou ekzòte kominote entènasyonal la pou l chache konnen kouman li ka sipòte ni ajans entènasyonal k ap ede popilasyon sa yo kounye-a, e nou ekzòte tout peyi pou yo chache rapatriye sitwayen pa yo pou soulaje fado a pou patnè nou yo sou teren an."

Kooperasyon entènasyonal se sa ki te plis pale nan tout reyinyon minis yo nan Koalisyon pou Defèt gwoup Eta Islamik la. Nan yon kominike an komen, Koalisyon an te "reafime sa l kwè kòmkwa jouk kounye-a fòk gen yon efò global e nan tèt ansanm pou defèt Daesh/Eta Islamik nèt e pou lontan toupatou nan mond la."

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG