Accessibility links

Breaking News

Etazuni Bat Bravo pou Angajman La Frans Pran pou Konbat Teworism


Anncr: Kounyea, yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an:

17 Daout, fòs militè franse k ap opere nan rejyon Sahel la te deplwaye yon drone nan forè Dangalous nan nò peyi Mali toupre fwontyè ak Niger, ki te vize kèk manm gwoup teworis ISIS nan Gran Sahara-a ansanm ak lidè yo a, Adnan Abu Walid Al-Sahrawi. Yon inite Fòs Espesyal franse te al nan zòn nan pou konfime idantite moun ki mouri nan frap aeryen an.

15 Septanm, depi pa t gen okenn dout ke Abu Walid tout bon vre te pami mò yo, Prezidan franse Emmanuel Macron te fè anons la, kote li kalifye atak mòtèl la kòm "yon konnen siksè" pou lame franse a apre plis pase 8 lane konba kont teworis nan rejyon Sahel la.

"Etazini byen akeyi anons patnè ak alye nou LaFrans ke twoup li yo touye Adnan Abu Walid Al-Sahrawi," se Pòtpawòl Depatman Deta Ned Price k ap pale. Li di "Nou konplimante LaFrans poutèt li kenbe angajman li pou fè fas kare ak mouvman teworis nan Wès Afrik nan tèt-kole ak patnè afriken nou yo."

Vè fisnisman ane 2010, Abu Walid te antre nan al-Qaida nan Maghreb Islamik. Pandan 5 lane ki te vini apre yo, li te vin manm gwoup la e apre sa yon lidè plizyè gwoup teworis ki aliyen ak al-Qaida. An Me 2015, li te deklare tèt li anba lobedyans ISIS, e te fòme gwoup teworis Eta Islamik nan Gran Sahara a ki, jounen jodi-a ap opere nan Mali, Nijè, e nan kèk ane ki pase yo li te enplike nan rebelyon Salafi-jihadis la nan Burkina Faso.

Abu Walid sete kòmandan ISIS/GS, kidonk ISIS nan Gran Sahara a, depi gwoup la te fòme an 2015. Anba kòmandman li, ISIS/GS te lanse yon pakèt atak kont fòs afriken, franse, ak ameriken, pami yo yon anbiskad an Me 2019 kont yon inite lame peyi Nijerya toupre fwontyè ant Nijè ak Mali, kote 28 sòlda te pèdi lavi yo; yon atak kamikaz an Janvye 2018 kont fòs fanse-yo nan Mali; yon atak an 2017 nan Nijè kote 5 solda peyi Nijè ak 4 solda ameriken te tonbe; e yon atak an 2016 sou yon pòs enspeksyon militè nan Mali ki te pran lavi 4 sòlda ak plizyè sivil. E dapre biwo Prezidan franse Macron, ane pase, Abu Walid pèsonèlman te pase lòd pou touye 5 travayè sekouris franse ak kòlèg yo ki sete moun Nijè.

"Kòm lidè ISIS nan Gran Sahara a, Walid Al-Sahrawi pote responsablite pou vyolans ki pran lavi yon bann ak yon pakèt anplwaye sivil ak militè nan Sahel," se pawòl Price.

Pòtpawòl la kontinye pou di, "Etazini pran angajman pou l kontinye sipòte efò patnè afriken nou yo, Frans, ak kominote entènasyonal la pou amelyore sekirite ak byennèt sivil k ap viv nan Wès Afrik la."

Anncr: Sete yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an.

XS
SM
MD
LG