Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Gen Dwa ak Demokrasi


Yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an:

24 Out 1991, Ikrèn te deklare endepandans li ak Inyon Sovyetik la e li te kòmanse trase pwòp avni pa li.

Sepandan, La Risi te refize aksepte Ikrèn kòm peyi souvren e depi lè a lap reprann teritwa peyi sa a, minnen enstitisyon li yo, sabote oubyen eseye kontwole lidè li yo epi eseye dikte politik etranje li pou bloke aspirasyon sensè Ikrèn genyen pou'l entegre l pi plis ak L'Ewòp epi L'Oksidan. Brèf: La Risi ap travay depi dèz ane pou mete baton nan wou Ikrèn popu anpeche'l fonksyone antanke eta souvren demokratik.

An 2014, pèp Ikrenyen an te dechouke Prezidan Viktor Yanukovych, ki te chwazi pou'l voye jete plan Ikrèn tap fè pou'l siyen yon Akò Asosyasyon ak Inyon Ewopeyen an. Li te vire pito nan direksyon La Risi. Apre sa, Moskou te anvayi epi okipe Prèskil Krime Ikrèn nan. Met sou sa, li te eseye pran kontwòl zòn Luhansk ak Donetsk Oblasts Ikrèn yo pandan li tap fè kòmsi se yon revòlt "separatis" ki tap fèt.

"Pa gen okenn pati Ikrèn kote pèp la pap fè fas ak move zak Ris yo," Sekretè d'Eta Antony Blinken deklare.

"Moskou eseye minnen enstitisyon demokratik Ikrèn yo, foure bouch li nan politik peyi a ak eleksyon li yo, bloke komès enèji a pou kraponnen lidè Ikrenyen yo epi mete presyon sou sitwayen li yo, li sèvi ak pwopagann epi dezèfomasyon pou simen mezantant, epitou li lanse sibè-atak kont enfrastrikti kritik peyi a. Kanpay pou destabilize Ikrèn nan pa janm pran souf."

Nan moman kote gen 100,000 solda Ris gonfle sou frontyè Ikrèn pataje ak La Risi epi pwoch alye La Risi a, Belarisi, "Moskou pran pozisyon pou'l fè pi plis toujou," Sekretè Blinken deklare.

"La Risi jistifye aksyon li pa di ke Ikrèn poze yon menas pou sekirite li. Se yon defomasyon reyalite a. Twoup kiyès ki antoure kiyès? Ki peyi ki reklare teritwa lot la pa lafòs? Ki peyi ki gen zam nikleyè? Ikrèn pa agresè a nan sikonstans sa a; Ikrèn ap tou senpman eseye siviv."

"Prensip ki gouvène lapè ak sekirite entènasyonal... ki tabli apre 2 gè mondyal ak yon lagè frèt, rejte dwa pou yon peyi chanje frontyè yon lot pa lafòs; dikte politik yon lòt peyi oubyen chwa li fè pami yo ak kiyès li vle asosye; oubyen enpoze enfliyans li pou kontwole vwazen souvren li yo jan li pi pito," Sekretè d'Eta Blinken deklare.

"Sa pa gen pou wè sèlman ak yon posib envazyon ak lagè. Se gen pou wè ak dwa Ikrèn genyen pou'l egziste antanke peyi souvren. Sa gen pou wè ak si Ikrèn gen yon dwa pou'l yon demokrasi.

Sete yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG