Accessibility links

Breaking News

Kò De Lapè Gen 60 An


Rive nan mwa jen 2019, yon afè de 235 mil volontè te deja ofri sèvis yo nan 141 peyi.
Rive nan mwa jen 2019, yon afè de 235 mil volontè te deja ofri sèvis yo nan 141 peyi.

Men yon editoryal ki pral prezante ideyal ak enstitisyon ameriken yo:

Jou lendi premye mas pase a fè 60 an jou pou jou depi Prezidan John Fitzgerald Kennedy te siyen yon arete ki te tabli Kò de Lapè.

Nan seremoni siyati arete a, Prezidan Kennedy te deklare: “Mwen gen espwa ke enstitisyon sa a pral reprezante yon sous satisfaksyon pou Ameriken yo, an menm tan ke yon kontribisyon nan lapè mondyal.”

Kò de Lapè se yon ti ajans endepandan ke Gouvenman Ameriken an administre. Travayè li genyen sou teren an se moun ki pote yo volontè pou yo fè travay y ap fè a –pi fò nan yo se pwofesè lekòl ak spesyalis nan domèn agrikilti, lasante, ekonomi kominotè ak devlopman jenès. Yo travay pou amelyore lavi moun nan rejyon ki pa devlope e ki manke sèvis piblik; pou yo fè sa, yo ogmante pwodiktivite e yo ankouraje moun yo pou yo konte sou pwòp tèt yo pou yo viv e devlope talan pou sa.

Misyon ajans la, daprè sa k di nan lwa òganik li, se “ede moun nan peyi enterese yo satisfè bezwen yo an gason ak fanm ki byen fòme, ede ankouraje yon pi bon konpreyansyon de Ameriken nan rejyon kote y ap travay nan lemond yo, epi ede ankouraje Ameriken yo genyen yon pi bon konpreyansyon de lòt pèp yo.

A laverite, plis ke tout lòt bagay, Kò de Lapè te kreye pou l devlope yon konpreyansyon pataje ant Ameriken ak lòt kilti nan lemond. Ajans la te voye e li kontinye voye- volontè ki byen prepare al viv e travay nan peyi ki sou wout devlopman yo nan lemond, kote yo ede peyi ki resevwa yo a satisfè bezwen li pou travayè ki kalifye. E, paske yo viv nan mitan popilasyon lokal la, yo te aprann –e jiskaprezan yo kontinye aprann- konnen pèp ak kilti ki antoure yo. An menm tan tou, popilasyon lokal k ap travay e k ap viv bò kote Ameriken sa yo gen okazyon pou konnen yo kòm yon pèp ki pa tèlman diferan ak yo.

Rive nan mwa jen 2019, yon afè de 235 mil volontè te deja ofri sèvis yo nan 141 peyi. Chak volontè sèvi pandan 2 zan, yon peryod kote yo pa resevwa okenn salè lajan, eksepte yon ti tyotyo pou yo kapab peye pou chanm yo, tablo pou yo bay leson epi fè 2 zou 3 ti depans esansyèl.

Misyon volontè yo sibi kèk adaptasyon selon moman sèvis yo ak nesesite moun y ap sèvi yo. Jodi a, akoz seri restriksyon ki mache ak KOVID-19 la, pa gen yon volontè Kò de Lapè ki an misyon aletranje. Travay yo sou teren an pral kontinye yon fwa pandemi an va sou kontwòl.

Gran-gran neve Prezidan John Kennedy, Joseph Patrick Kennedy III, deklare: “Pou mwen menm, men tout sa Kò de Lapè reprezante: se konsekans ke aksyon tou senp ou poze lè w sèvi lòt moun, kapab genyen pa lot bò fwontyè yo, atravè jenerasyon diferan e atravè le tan. Se yon leson ki rete avè m chak jou.”

Sete yon editoryal ki t ap ban nou opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG