Accessibility links

Breaking News

Kè-Sote Sou Dwa Moun Nan Arabi Saoudit


Men yon editoryal ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Travayè Sekouris nan Arabi Saoudit Abdulrahman al-Sadhan, te prezante devan yon tribinal ki konbat zak teworis, kote li jwenn santans 20 lane prizon epi 20 lane kote li pa gen dwa vwayaje.

Nouvèl yo fè konnen li te jwenn arestasyon l nan dat 12 Mas 2018, pandan li te nan biwo Sosyete Kwasan Wouj yo nan kapital la Riyadh, kote li te travay.

Etazini gen kè-sote sou santans ki tonbe sou Sadhan nan, pou repete pòtpawòl Depatman Deta Ned Price nan yon kominike. Li di, "N ap kontinye swiv ka sa a ak anpil atansyon tout lè l ale ann apèl. Tankou nou te di otorite nan Arabi Saoudit nan tout nivo, libète ekspresyon pa dwe yon krim ki merite pinisyon."

Sè travayè sekouris la, Amerikèn Areej al-Sadhan, ap plede pou fè lage frè li e li deklare Abdulrahman te anba kòd san manda ni akizasyon kont li jiska mwa Fevriye 2021 pase a.

Administrasyon Biden-Harris la pran pozisyon djanm sou dosye dwa moun Arabi Saoudit e ekzòte Riyadh pou l lage tout prizonye politik ki lakay li. Dapre dènye rapò dwa moun Depatman Deta sou Arabi Saoudit, militan lokal ak òganizasyon dwa moun fè konnen te gen plizyè "santèn" oubyen "milye" prizonye politik, pami yo moun ki anba kòd e ki dapre nouvèl yo, te rete nan detansion prolonje san tribinal pa akize yo pou anyen.

Rapò dwa moun pou ane 2020 an fè konnen 192 moun pou pi piti te rete anba kòd poutèt yo te militan, poutèt yo te kritike lidè nan gouvènman oubyen politik yo, poutèt yo te defye Islam oubyen kèk lidè relijye, oubyen poutèt yo te poste swadizan "atak" sou entènèt, pami yo kèk gwo militan tankou Raif Badawi, Mohamed al-Qahtani, Naimah Abdullah al-Matrod. Maha al-Rafidi, Eman al-Nafjan, Waleed Abu al-Khair, ak Nassima al-Sadah, ak lòt ankò.

Gen pwogrè ki fèt an 2021. Nan mwa Fevriye a, militan k ap defann dwa medam yo nan Arabi Saoudit Loujain al-Hathloul te jwenn liberasyon l apre preske 3 lane prizon. Li anba entèdiksyon pou vwayaj. Hathloul, ke moun plis konnen akoz kanpay li pou legalize dwa pou fanm kondi machin nan Arabi Saoudit, te jwenn arestasyon l an Me 2018, ansanm ak plizyè lòt militan fanm, sèlman kèk semèn anvan gouvènman an te leve entèdiksyon pou fanm pa kondi machin nan. Anplis, 2 militan nan peyi a ki se sitwayen ameriken, an palan de Bader al-Ibrahim ak Salah al-Haidar, rejwenn libète yo tou sou kondisyon ann atandan jijman anba akizasyon pou zak ki gen rapò ak teworis. Yon 3èm militan nan Arabi Saoudit ki se sitwayen ameriken - Doktè Walid Fitaihi - jwenn liberasyon l kote yo redui santans li men li kontinye ap viv ak yon entèdiksyon kont vwayaj ak kont dwa pou l jwi sa l posede.

Etazini, dapre pòtpawòl Price, n ap site - "ap kontinye bay plis enpòtans pou dwa moun nan relasyon l ak Arabi Saoudit e ankouraje refòm legal ki respekte dwa tout moun nan peyi a."

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG