Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini, Lewòp Ap Ranfòse Kowoperasyon Yo Nan Lit Pou Pwoteje Klima A


Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Preske pa gen anpil tan ankò pou lom prevwa konsekans a lontèm chanjman klimatik yo ka gen sou lemond.

Akò Pari 2015 la sete yon premye pa nan bon direksyon an, avèk apèl li lanse bay tou le 200 peyi siyatè li yo pou yo redui rechofman planet la nan yon nivo ki pi ba ke 2 degre Celsiu pa rapò ak nivo pre-endistriyèl la, gras ak limit yo va mete sou emisyon gaz kabonik.

Nan menm moman Prezidan Biden t ap monte sou pouvwa a, li te pran dispozisyon imedyatman pou l fè Lèzetazini repran plas li kòm manm Akò Pari a. Sepandan, tankou Anvwaye Prezidansyèl Espesyal pou Klima a, John Kerry di sa, “Akò Pari a pou kont li pa vle di travay la fin fèt.”

“ E nou poko fè tout sa nou te pwomèt pou n fè nan kad Akò Pari a. Alòs, moman an rive pou peyi yo, pou gouvènman ki gen bon lojik yo, pou pèp yo mete tèt yo ansanm pou yo reyalize travay la.”

Nan kòmansman mwa mas la, Anvwaye Prezidansyèl Espesyal John Kerry, reprezantan Inyon Ewòp la ak reprezantan Wayòm Ini te rankontre nan vil Lond, Briksèl ak Pari pou yo te pase alyans yo an revi epi travay ansanm yon fason pi sere pou yo fè fas ka kriz klimatik la. Tou le 3 pati yo te pran angajman pou yo reyalize nivo zewo emisyon gaz la pa pi ta ke nan l’an 2 mil 50, e yo te pwomèt pou yo ede peyi ki pi vilnerab yo adapte yo epi fe fas ak konsekans chajman klimatik yo.

Anvwaye Prezidansyèl Espesyal Kerry di: “Pa genyen pi bon patnè pase zanmi nou yo ki isit la ann Awòp ak nan Wayòm Ini.”

“Li enpòtan pou nou mete nou ansanm kounyela a,… paske pa gen yon grenn peyi ki ka rezoud kriz sa a pou kont li. Se chak peyi, se tout peyi ansanm ki pou rezoud kriz la e se pa gouvènman yo sèlman ki pou patisipe nan efò a. Sa pral mande patisipasyon sosyete sivil nan depatman nou yo, nan kominote nou yo, nan peyi nou yo, epi li pral enpòtan pou sektè prive a enplike l tou.”

Avwaye Prezidansyèl Espesyal Kerry di efò pou fè fas ak chanjman klimatik yo se yon efò k ap koute chè; sepandan envestisman nan yon ekonomi ki pwòp se bagay ki kreye travay jounen jodi a e sa ede peyi yo ekonomi lajan.

“Tout analiz ekonomik montre sa klèman: sa ka koute sitwayen nou yo pi chè si nou pa pase a laksyon.” An menm tan tou, “moman sa a ofri nou pi bèl opòtinite nou janm jwenn depi petèt revolisyon endistriyèl la pou nou bati pi byen.”

“ “Se pou nou renouvle angajman nou vizavi ekonomi nou yo, sa ki reprezante yon okazyon ekstwòdinè sou plan ekonomik la, kote nou pral genyen nouvo produi, nouvèl teknoloji, kit se gras ak metriz kabon, kit se gras ak depo batri oubyen gaz idwojen, elatriye. Tou sa se solisyon kriz n ap konfwonte a.”

Anvwaye Prezidansyèl Espesyal la deklare: “Bon sans mande pou n rekonèt moman an rive. Nou ka fè travay la. Nou genyen a la dispozisyon nou anpil nan teknoloji ki nesesè yo, gen anpil peyi, anpil konpayi k ap travay trè di pou yo devlope teknoloji nou konnen n ap bezwen yo. Nou ka fè travay sa a.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG