Accessibility links

Breaking News

Peyi Demokratik Dwe Fòme Strateji Teknolojik la


Kounyea yon editoryal ki reflete opinyon gouvènman Ameriken an:

Teknoloji kap devlope, pami yo entelijans atifisyèl se avni nou. Lap vin de pi klè chak jou ke mond nou an pral afekte pa abitid ak standa ki aksepte pou nouvo teknoloji sa yo.

Nou konnen kounyea ke nan moman premye vag revolisyon dijital la te mete aksan sou demokrasi ak dwa moun, dezyèm vag la te fasilite vyolasyon dwa sa yo bò kote gouvenman otoritè yo. Se poutèt sa li esansyèl pou peyi demokratik yo detèmine kijan nouvo teknoloji tankou entelijans atifisyèl pral sèvi.

Nan diskou li te pwononse pandan yon evenman Konsèy Nasyonal Sekirite a te òganize sou kestyon Entelijans Atifisyèl la, Sekretè d'Eta Antony Blinken te deklare ke zafè travay ak patnè Etazuni ak alye nou yo "pral esansyèl pou jere risk, anpeche sibè-atak ki vize biznis nou yo, kontwole teknoloji ki menase vi prive nou, epi defann prensip demokratik ak stil lavi nou."

"Plis pase tout bagay, travay ki devan nou se aplike yon vizyon klè sou kijan pou moun sèvi ak teknoloji yon fason ki ede pèp la, pwoteje enterè nou yo epi respekte prensip demokratik nou yo. Li pa ase pou nou mete aksan sou bagay terib tekno-otokrat yo ka fè avè'l, pou lonje dwèt sou sa peyi tankou la Chin ak Rusi ap fè epi di li pa bon, li danjre, menm si se verite n'ap pale. Fòk nou mete aksan tou sou aspè pozitif apwòch pa nou, epi fòk nou mete pawòl nou ann aksyon. Se defi sa a ki devan nou."

Sekretè Blinken te souliyen 6 pilye apwòch Depatman d'Eta ap pousuiv pou leve defi sa yo.

Premye bagay, se pou nou redui kantite risk ki poze pou sekirite nasyonal akoz aktivite sibè mechan ak nouvo teknoloji yo kap parèt yo. Dezyèman, fòk nou asire lidèship nou nan konpetisyon fewòs pou teknoloji estratejik yo pa prezève avantaj konpetitif ak konparatif nou deja genyen.

Twazèman, fok nou defann yon Entènèt ki entèoperab, ki gen sekirite, ke moun ka fè konfyans, malgre lap vinn pi limite, mwen stab ak pi divize chak jou. Katriyèm bagay la, fòk nou fikse standa teknik yo epi kreye nòm pou nouvo teknoloji yo. Senkyèm bagay la se, akoz gwo menas kont peyi demokratik yo ap dewoule sou entènèt, fòk nou fè yon jan pou teknoloji sa yo travay ansanm ak demokrasi epi respekte pilye demokatik yo.

Sak pi enpòtan an se, fòk nou pataje enfòmasyon epi kowopere konplètman paske okenn peyi paka atenn objektif sa yo poukont li.

"Nou bezwen Etazuni e nou bezwen pou patnè li yo kenbe plas yo kòm lidè inovasyon ak moun kap tabli standa yo," Sekretè Blinken deklare, "pou asire ke dwa inivèsèl ak prensip demokratik yo rete kòm poto mitan tout inovasyon ki pral genyen nan lavni, e ke li pote benefis vreman vre ki amelyore lavi moun."

Sete yon editoryal ki te bay opinyon gouvenman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG