Accessibility links

Breaking News

Plis Sanksyon akos Zak Kraze Zo Nan Cuba


Sa se yon editoryal ki prezante opinyon gouvenman Ameriken an

"Nou tande'w e nou tande kri libete kap soti sou il la. Etazuni ap fe tout sa'l kapab pou'l apiye koz pep Kuben an," Prezidan Joe Biden deklare.

Prezidan Biden anonse nouvo sanksyon kont otorite Cuba yo ki te patisipe nan zak reprezay vyolan kon manifestan pasifik.

Pou reponn abi rejim Kuben an, Etazuni enpoze sanksyon kont lide yo ak lot manm fos zame Cuba yo ansanm ak polis nasyonal la ke moun konnen sou non PNR.

Pami manifestan ke PNR la te konfwonte ak zak vyolans, te gen manman pitit ki tap pwoteste kont arestasyon ak disparisyon pitit yo, epi yon pret katolik ki tap defann jen manifestan yo.

"Nou rekonet ewoism pep Kuben an ak manifestan ki te defye rejim kanson fe sa a epi voye yon mesaj bay mond lan," Sekrete Deta Antony Blinken deklare.

"E nou pral kontinye enpoze plis sanksyon kont tout moun ki fe abi nan non rejim nan. Ap gen plis sanksyon toutotan pa gen chanjman drastik nan Cuba - e mwen pa atann mwen aske sa pral fet," Prezidan Biden deklare.

XS
SM
MD
LG