Accessibility links

Breaking News

Premye Pa Sou Wout Pou Konnen Kisa Ki Rive Robert Levinson


Robert Levinson, is displayed in Washington, D.C., during a news conference, March 6, 2012.
Robert Levinson, is displayed in Washington, D.C., during a news conference, March 6, 2012.

Men yon editoryal k ap prezante politik Lèzetazini

Robert Levinson, yon ansyen ajan FBI ki te disparèt sou zile Kish, nan Iran, an 2007, se otaj ameriken ki pase plis tan nan men kidnapè l yo nan tout listwa. Lèzetazini enpoze sanksyon sou 2 otorite wo-plase nan Ministè Espyonaj ak Sekirite iranyen an.

Mohammad Baseri ak Ahmad Khazai tonbe anba sanksyon pou enplikasyon yo nan kidnaping, anprizonnman e petèt lanmò M. Levinson. Pandan plizyè ane, lè gouvènman iranyen an te resevwa demand pou l ede Robert Levinson retounen lakay li, li te reponn pou l di li pa okouran kote li ye ditou.

Kayleigh McEnnany, Sekretè Laprès Lamezon Blanch, deklare:

“Se otorite iranyen wo-plase ki te bay otorizasyon pou yo kidnape e anprizonnen Levinson, epi yo te lanse yon kanpay dezenfòmasyon pou detounen blam rejim iranyen an merite pou sa.”

“Avèk anons sa a, gouvènman ameriken an lanse premye aksyon piblik la kont gouvènman iranyen an yon fason pou fè l rann kont pou aksyon li.”

“Lèzetazini pral rapousuiv san pran souf tout lòt moun ki mele nan zafè sa a pandan ankèt la ap kontinye.”

Rejim iranyen an gen 41 lane depi l ap kidnape e anprizonnen etranje ak sitwayen iranyen ki gen doub nasyonalite kòm revanj politik. Sekretè Deta Mike Pompeo fè konnen: “Kidnaping, anprizonnman e petet lanmò M. Levinson reprezante yon lòt gwo egzanp ki montre mepri rejim bout di a pou lavi kretyen vivan.”

“Nou lanse apèl bay rejim iranyen an pou n mande l bay yon rapò total sou sò M. Levinson, e nou pa p pran repo toutotan tout sitwayen ameriken ki nan prizon nan Iran yo pa retounen lakay yo.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante politik Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG