Men yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an:
Minis Defans pwovizwa ameriken an, Christopher Miller, te anonse, nan dat 17 novanm nan, entansyon Lèzetazini genyen pou l diminye kantite twoup militè l yo nan Afganistan ak Irak. Anvan 15 janvye 2021, pral genyen 2 mil 500 sòlda ameriken nan chak peyi.
Minis Defans Pwovizwa Miller deklare: “Sa antre nan kad plan nou tabli yo ak objektif stratejik nou yo; pèp ameriken an apiye demach sa a; epi sa pa vle di gen chanjman nan politik ak objektif Lèzetazini. Anpil patriyòt, ki fè sakrifis siprèm nan ak kamarad yo k ap kontinye eritaj yo a, merite sa.”
“Ansanm, nou pran dèy pou lanmò plis pase 6900 sòlda ameriken ki bay lavi yo nan Afganistan ak Irak. E nou pa p janm bliye plis pase 52 mil lòt ki gen sikatris lagè a sou kò yo, avèk tout sila yo ki kontinye pote sikatris li –kit yo vizib, kit yo envizib.”
Nan yon konvèsasyon telefonik Prezidan afgan an, Ashraf Ghani, te genyen avèk Minis Defans Pwovizwa Miller, li te eksprime rekonesans li anvè chak manm lame amerikèn nan ki te batay pou lapè nan Afganistan. Lèzetazini kontinye apiye Negosyasyon pou Lapè nan Afganistan k ap dewoule ant Repiblik Islamik la ak Lidè Taleban yo, ki ofri pi bon opòtinite a pou 2 pati yo jwenn yon antant politik negosye pou mete fen nan lagè a.
Minis Defans Pwovizwa Miller di Lèzetazini pare toujou pou l pwoteje sitwayen ameriken yo e apiye patnè ameriken yo.
“Fòzame Lèzetazini yo toujou pran angajman pou yo pwoteje sekirite ak konfò pèp ameriken an e apiye alye ak patnè nou yo atravè lemond ki pataje menm prensip avèk nou. Si fòs teworis yo, fòs enstabilite yo, fòs divizyon ak lahèn yo kòmanse yon kanpayn eksprè pou yo deraye efò nou yo, nou pare pou n itilize kapasite ki nesese a pou n kontrekare yo.”
Minis Defans Adjwen Miller deklare: “Nou pral mete fen nan lagè sa a k ap dire depi plizyè jenereasyon. Nou pral pwoteje pitit nou yo kont fado ak bilan lou lagè sa a ki la depi tout tan. E nou pral onore sakrifis nou fè pou n sèvi kòz lapè ak stabilite nan
Afganistan, nan Irak e atravè lemond, epi selebre tout sila yo ki ede Lèzetazini pote libète bay moun ki te anba diktati.”
Sete yon editoryal ki t ap ba nou opinyon gouvènman ameriken an.