Accessibility links

Breaking News

Santans Navalny An Preokipe Lezetazini


Men yon editoryal ki pral prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Lèzetazini genyen gwo preokipasyon poutèt desizyon otorite Larisi yo pran pou yo bay pèsonalite opozisyon an Aleksey Navalny yon santans 2 zan ak 8 mwa prizon, kote yo ranplase yon santans yo te sispann pa yon tou prizon.

Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, deklare tankou tout sitwayen ris, M. Navalny gen dwa benefisye de dwa konstitisyon ris la bay. An plis de sa, Larisi gen obligasyon entènasyonal pou l respekte egalite devan lalwa ak dwa libète ekspresyon ak reyinyon pasifik.

Pandan yon seyans depozisyon ki te dewoule anvan santans la, M. Navalny te fè konnen, pandan ke otorote yo gen dwa mete li nan prizon, “yo pa kapab mete plizye santèn milye ris nan prizon. Kantite moun k ap konprann sa yo pral ogmante. E lè yo va fin rekonèt sa –e moman sa a pa lwen rive- tout sa k ap pase la a pral echwe, paske ou pa kapab mete tout peyi a nan prizon.”

Plizyè dizèn milye sitwayen ris nan plis pase 120 vil ak vilaj te pran lari pandan chakenn nan 2 dènye semèn yo pou yo pwoteste pasifikman kont arestasyon lidè opozisyon an, Alexsey Navalny, e pou yo egzije liberasyon li.

Sekrète Deta Blinken lanse apèl yon fwa ankò bay gouvènman ris la pou mande li libere imedyatman e san kondisyon M. Navalny ansanm avèk plizyè santèn lòt sitwayen ris yo arete nan move kondisyon pandan semèn ki fèk pase yo poutèt yo t ap egzèse dwa yo -pami dwa sa yo gen dwa libète lapawòl ak dwa reyinyon pasifik.

Tribinal Dwamoun Ewopeyen an fin pa konprann ke kondanasyon M. Navalny an 2014 la --ki se rezon otorite yo bay pou nouvo santans li a-- sete yon aksyon “ilegal e gwo ponyèt” e ki “gen rezon politik dèyè l.” Jijman k ap dewoule jounen jodi a kont M. Navalny an, ki te kòmanse avèk anprizonnman li nan dat 17 janvye a, fè pati yon seri efò k ap kontinye pou vyole dwa M. Navalny e pou mete baboukèt sou pliralism politik, jan Tribinal Dwamoun Ewopeyen an deja konprann sa a.

“Sekretè Deta Blinken deklare: “Menm lè n ap travay ak Larisi pou n fè avanse enterè Lezetazini, nou pral kowòdone efò nou etwatman avèk alye e patnè nou yo pou n fè Larisi rann kont pou le fèt ke li pa respekte dwa sitwayen li yo.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG