Accessibility links

Breaking News

Viktim Rejim Iranyen An


Nou pral koute yon editoryal k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Nan okazyon 42èm anivèsè dappiyanp yo te fè sou anbasad Lezetazini an nan Teyeran (yon 4 novanm), Sekretè Deta Mike Pompeo te atire atansyon sou le fèt ke rejim iranyen an kontinye pran moun ann otaj pou l reyalize pwogram mechan li a.

Misye Pompeo lanse apèl bay Iran pou mande l libere sitwayen ameriken li mete nan prizon, Moad Tahbaz avèk Siamak e Baquer Namazi, epi pou l di kisa ki rive ajan FBI Robert Levinson ke yo te kidnape nan Iran sa gen 13 an.

Sepandan Sekretè Deta Pompeo deklare: “Moun inosan sa yo se pa sèl viktim britalite rejim irannyen an; viktim rejim nan k ap soufri depi lontan an se pèp iranyen an; e pep sa a merite yon pi bon tretman pase sa.”

Rapòtè Espesyal l’ONU an, Javaid Rehman, te prepare sa pa gen lontan, yon rapò sou sitiyasyon dwamoun nan Iran ki apiye deklarasyon Sekretè Deta Pompeo a. Pandan Misye Rehman te pran lapawòl devan 3èm Komisyon Asanble Jeneral l’ONU an sou rapò l la, li te di se “vyolasyon sistematik dwamoun ak enpinite ki karakterize sitiyasyon dwamoun nan Iran.” Misye Rehman, ki prezante kòm egzanp repons rejim nan te bay seri pwotestasyon ki te dewoule ane pase a e kote plizyè santèn moun te mouri, fè konnen Iran “dwe mennen yon ankèt endepandan, san paspouki e transparan sou operasyon sereboulon vyolan rejim nan te lanse kont manifestan yo an novanm 2019 ak janvye 2020, e li dwe trennen devan lajistis sila yo ki vyole dwamoun yo.”

Sepandan aksyon rejim nan montre li pa enterese ditou-ditou nan transparans ni nan jistis.

“Sa ki enterese yo, se itilizasyon zak krazezo ak santans malouk kont sila ki t ap pwoteste yo; se nuizans politik kont moun ki viktim e k ap mande jistis, epi absans yon sistèm ki fè responsab yo rann kont pou aksyon yo.”

Rapòtè Espesyal Rehman lonje dwèt tou sou seri kondanasyon a-mò otorite yo nan Iran bay manifestan yo apre yo te fòse moun sa yo fe konfesyon, menm jan li lonje dwèt sou kondisyon malouk kacho kote yo mete prizonye politik yo –pami yo genyen avoka, jounalis, pwotektè anviwonnman avèk militan dwamoun.

“Gen yon abitid tou nèf e byen klè k ap parèt jounen jodi a: se eseye rejim nan ap eseye fèmen bouch moun ki konn pale piblikman pou yo denonse sitiyasyon sosyal, ekonomik e politik la nan Iran.”

Tankou Sekretè Deta Pompeo di lidè iranyen yo sa: “Iran va konnen pwosperite veritab la lè nou zòt va sispann teworize sitwayen nou yo e sispann mete yo nan prison. Trete pèp nou an avèk diyite de baz la, ke chak kretyen vivan merite.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG