Accessibility links

Breaking News

Yon Omaj Pou Jounalis Vanyan yo


Yon editoryal ki bay opinyon gouvènman Ameriken an.

Direktris Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la, Samantha Power, felisite sa pa gen lontan, loreya pri Kurt Schork yo pou Jounalis Entènasyonal. Pri sa a onore jounalis vanyan ke mond pa rekonèt souvan, pou repòtaj sou fè sou konfli, kowipsyon ak enjistis.

Pami loreya yo ane sa a gen jounalis Iranyen-Ameriken Jason Motlagh, jounalis Brezilyen Rafael Soares, epi Siryen Khabat Abbas.

Pri Kurt Schork pou Jounalis Entènasyonal yo egziste depi 20 an. Yo pote non yon jounalis Ameriken ki te rele Kurt Schork, ki te mouri pandan li tap fè repotaj pou ajans nouvel Reuters nan peyi Sierra Leone nan ane 2000.

USAID rekonèt enpotans yon près ki lib e li ede apiye jounalis kap travay nan 30 peyi etranje. Li dispoze pwoteksyon legal pou yo lè yo sibi menas.

"Pwogram nou yo ede apiye jounalism endepandan, ki bay verite, travay nou konnen ki fondamantal pou sosyete ki an sante ak ekonomi kap pwospere," Direktris Samantha Power deklare.

Se souvan jounalis sibo gwo menas lè yap bay verite ak enfòme piblik la, Direktris Power deklare:

"Se sètènman yon verite pou jounalis n'ap onore yo ki fè repotaj sou lagè nan Afghanistan, asasina ekstra-jidisyè nan Brezil, atwosite kap ogmante pi plis chak jou nan Siri, timoun kap travay nan Pakistan epi sistèm penal la nan Nigeria. Travay yo klere yon limyè sou reyalite lagè ak konfli, ekspoze abi dwa moun, diskriminasyon ak kowipsyon. E angajman yo pran pou di verite devan otorite ki sou pouvw a rive nan yon moman kle pou pwofesyon jounalism nan."

"Atak kont jounalis yo - an palan de atak fizik, legal, politik epi atak kont libète la près an jeneral ap ogmante," Direktris Power deklare. Etazini kanpe fèm dèyè jounalis vanyan yo, laprès endepandan, ak jounalis ki pa afilye ak okenn ajans an patikilye, kap fè travay ki enpòtan toupatou nan mond lan malgre risk ki poze yo.

Sete yon editoryal ki bay opinyon gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG