Kounyea, yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an:
Nan dat 8 Oktòb, Hamas te lanse yon atak sipriz atè, nan lè, ak nan lanmè. Konfli a pran lavi plis pase mil moun, pami yo 14 Ameriken. “Etazini”, se Prezidan Joe Biden ki ap pale, “kondane san reflechi ofansiv ki bay kè-kase ke Hamas lanse kont Israel la. »
Sekretè Deta Antony Blinken kalifye masak Hamas la kòm “pi move atak sou Israel depi Lagè Yom Kippur la an 1973, » sa gen ekzakteman preske 50 lane. « Men gen tou yon gwo diferans, » se konsa li te pale nan pwogram Meet the Press” sou chèn televizyon NBC.
“Sete yon konfli dènye teknoloji, lame kont lame ak liy batay yo klè. Sa a se yon kokenn atak teworis sou sivil izraelyen, kote yo tire sou moun nan lari bouk yo, trennen Israelyen atè – gason, fanm, ak timoun – sou tout fwontyè ak Gaza. Yon sivivan Olokos la ki te nan yon chèz woulant, fanm ak timoun – yo tout ann otaj. »
Yon gwo zotobre nan Depatman Defans di Hamas komèt « sovajri nan nivo ISIS [Gwoup Eta Islamik] » kont sitwayen izraelyen, kote li « boule kay ra pye tè, masakre jèn moun nan festival mizil. » Li di Depatman Defans ap « fè gwo dilijans pou voye bagay Izrael bezwen anpil, ki se divès kalte minisyon ak lòt ekipman. » Sekretè Defans Lloyd Austin anonse ke Pòtavyon USS Gerald Ford ap navige pou ale Izrael.
Pou sa ki konsène wòl ke Iran ta ka jwe nan atak Hamas la, Sekretè Blinken di, “Nou pa gen anyen ki moutre nou ke Iran te enplike dirèkteman nan atak sa a… men se yon bagay nou ap gade ak anpil atansyon, e fòk nou jwenn aboutisman tou sa ki te pase.”
“Men nou konnen Iran te gen yon relasyon depi lontan ak Hamas, sipòte li depi lontan. Se youn nan rezon ki è nou ap travay anpil pou nou kontre Iran, tankou nou ap mete sanksyon sou pllis pase 400 Iranyen – plis pase 400 – ak konpayi, ekzakteman pou bagay tankou sipò ke li bay Hamas la. »
Etazini rete « pare pou ofri tout mwayen apwopriye pou sipòte Gouvènman ak pèp Izrael la, » se pawol Prezidan Biden. « Pa gen anyen ki janm jistifye zak teworis. Izrael gen dwa pou dfann tèt li ap pèp li. Etazini voye yon pinga kont nenpòt lòt pati ki lènmi Izrael e ki ap chache pran avantaj nan sityasyon an. Sipò Etazini pou sekirite Izrael, li solid kou wòch, e li p ap febli. »
Sete yon editoryal ki prezante pozisyon Gouvènman Etazini an.