Kounyea, yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an:
Ayiti kole nan yon sèk ki ap vire ak li, dapre Kominote Karayib la, (CARICOM), yon inyon rejyonal ant gouvènman yo laba a.
Nan pale devan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an, yon reprezantan CARICOM di se yon kad travay politik solid ki manke ki “kreye kondisyon pou plis aktivite gang, pandan ensekirite ap minen efò pou mennen nan pwogrè politik.”
An menm tan, yon reprezantan gwoup ki ap defann dwa moun Human Rights Watch avèti ke enpas politik ki pèsiste ann Ayiti a anpeche peyi a gen yon gouvènans ki ap mache. Gouvènman an ki pa ka fè pèp la jwi dwa fondamantal li ak sèvis esansyèl yo, sa lakoz gwoup kriminèl ap rekrite moun.
Pawòl CARICOM nan yo “prezante yon tablo tris sou reyalite a nan Pòtoprens, kote sityasyon sekirite a ap vin pi grav,” se pawòl Asistan Reprezantan Etazini pou Afè Politik Espesyal, Robert Wood. Mezi moun ki mouri regilyèman te prèske double ann Ayiti an 2023, epi kantite moun ki viktim kidnapping te pran yon ogmantasyon 80 pousan [an 2023] konpare ak ane anvan an.”
“Anplis de vyolans la ki rive nan nivo ki bay gwo kè-sote, gang yo kontinye kontwole wout ki mennen nan enfrastrikti pi pi enpòtan yo, tankou nan pi gwo rezèv dlo a nan Pòtoprens. Yo fòse sitwayen yo ak biznis yo ba yo lajan, e yo kontinye sèvi ak vyolans seksyèl pou yo konsolide kontwòl yo sou popilasyon Ayiti a. Pandan tou sa ap pase, Polis Nasyonal Ayiti kontinye ap redui, menm lè gen nouvo ajan ki pran fòmasyon epi devlope byen vit.”
Youn nan pwoblèm yo sèke gen gwo pousantaj ajan regilyèman ki kite fòs polis ayisyen an. Sepousa Konsèy Sekirite l-ONU an te otorize deplòtonnman “yon misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MSS) ki ap gen pou sipòte Polis Nasyonal Ayiti a nan efò pou konbat vyolans ke gang Ayiti yo lage nan peyi a,” se pawòl Anbasadè Wood.
“Pou asire siksè misyon MSS la, gen yon bezwen esansyèl pou devlope yon sistèm pou anpeche epi rezoud posib vyolasyon oswa abi kont dwa moun, pami yo eksplwatasyon ak abi seksyèl.”
Etazini pwomèt 100 milyon dola ki pwale nan finansman misyon an, ak yon lòt 100 milyon dola pou fasilite sipò a.
“Etazini mande tout aktè politik ayisyen yo pou yo jwenn yon antant pou peyi a tounen nan demokrasi, » se konsa anbasadè Wood te pale.
« Nou kontinye ap ekzòte Premye-Minis Henry ak lòt aktè politik, ekonomik, relijye, ak manm sosyete sivil la pou yo travay ansanm prese-prese pou jwenn yon chimen pasifik ki ap mennen nan eleksyon lib ak onèt gras ak dyalòg ak konpwomi. Kominote mondyal la, ansanm ak aktè politik ayisyen yo ak gwoup nan sosyete sivil la, dwe ede byen vit remete peyi a sou yon wout ki ap mennen nan stabilite pou lontan. »
Etazini rete angaje nan sipòte dezi pèp ayisyen an pou li gen yon avni demokratik ak pasifik.
Sete yon editoryal ki prezante opinyon Gouvènman Etazini an.