Accessibility links

Breaking News

Ankourajman Pou Tolerans Konsenan Libete Relijyon Nan Endonezi


Nan yon diskou Sekretè Deta Mike Pompeo te fè nan Endonezii, li te di: “Sila ki pi fondamantal nan dwa sa yo se dwa pou moun egzèse libète konsyans yo, pami yo genyen libète relijyon.” 

Men yon editorial k ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

Lèzetazini se premye peyi ki te fonde sou yon angajman pou l respekte dwa inivèsèl pou tout kretyen vivan. Nan yon diskou Sekretè Deta Mike Pompeo te fè nan Endonezii, li te di: “Sila ki pi fondamantal nan dwa sa yo se dwa pou moun egzèse libète konsyans yo, pami yo genyen libète relijyon.”

“Respè Lèzetazini genyen pou dwa ke Bondye bay yo, se aspè prensipal e fondamantal lespri nasyonal nou.” Se deklarasyon SekretèDeta Pompeo.

“Se pou sa Lèzetazini te kanpe kòm peyi pi dyanm pami demokrasi oksdantal yo pou l te apiye endepandans Endonezi anba yon rejim kolonyal e li te toujou reprezante yon sipòtè enkondisyonèl pou tranzisyon ki mennen Endonezi nan demokrasi pandan 2 dènye dizèn dane yo. Le fèt ke pèp nou an anbrase demokrasi se yon bagay trè espesyal ki kore yon tradisyon tolerans.”

Nan fon demokrasi k ap briye nan Endonezi a, genyen yon dezi pou wè moun tout kalite relijyon viv ansanm ann amoni. Nou jwenn desi sa a nan konsititisyon peyi a, ki deklare klèman ke chak moun, gason kou fanm, dwe gen libète pou li pratike relijyon li pi pito. Sekretè Deta Pompeo di: “Pa gen okenn rezon pratikmman pou Lislam pa ka egziste pasifikman kòtakòt avèk krisyanism e boudism.”

Sekretè Deta Pompeo ajoute: “Lespri tolerans ak pliralism tradisyonèl Endonezi dwe jwenn ankourajman jodi a plis ke jamè.”

“Akizasyon k ap denonse blasfèm, e ki detrui lavi, vin pi komen jounen jodi a. Diskriminasyon kont relijyon ki pa ofisyèl yo fèfidèl relijyon sa yo tounen sitwayen 2èm klas ki kapab viktim abi ak neglijans bò kote otorite yo.“

Sekretè Deta Pompeo te kontinye pou l ankouraje “plis lidè relijye leve vwa yo pou yo defann moun tout kalite relijyon chak fwa zòt vyole dwa yo. Nou ta renmen wè plis lidèrelijye aji kòm temwen moral.”

Youn nan peyi sa yo se Bimani kote lame sèvi ak vyolans pou l krazezo Rohongya yo avèk lòt minorite. Endonezi fòse eta-manm Asosyasyon Peyi Azi di Sidès yo respekte ideyal imanitè yo, men Sekretè Deta Pompeo di pa gen pwogrè ki fèt nan domèn jistis la.

Sepandan, Sekretè Deta Pompeo lanse avètisman pou l di pi gwo menas ki egziste kont avni libète relijyon, se lagè Pati Kominis Chinwa a ap mennen kont fidèl tout relijyon: Mizilman, Boudis, Kretyen ak manm relijyon Falun Gong nan.

Sekretè Deta Pompeo di: “Dwa Bondye bay yo e ke pèsonn pa ta dwe wete nan men moun, se dwa moun genyen depi nan nesans yo. Se poutèt sa tout moun ki lib nan yon peyi lib fèt pou defann dwa sa yo.”

Sete yon editorial ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG