Accessibility links

Breaking News

Soudan Pa Reprezante Anko Yon Peyi K Ap Patwone Zak Teworis


Men yon editorial k ap preante opinion gouvenman ameriken an.

An 1993, aprè Lèzetazini te fin pa konprann ke gouvènman Peyi Soudan an te resevwa teworis lakay li e li t ap apiye aktivite yo (pami yo te genyen lide òganizasyon teworis Al Qa’ida a, Ouzama bin Laden), gouvènman ameriken an te deyize Soudan kòm yon peyi ki t ap patwone teworism. Klasifikasyon sa a gen konsekans ki grav anpil: peyi konsène a tounen yon eta vwayou entènasyonal. Envestisè yo rete lwen yon peyi konsa, tandiske lòt peyi pa alèz pou yo fè biznis avèk li.

Gen divès kalite asistans Lèzetazini pa kapab ofri peyi sa a yon fason dirèk; li enpoze diès kalite kontwòl sou ekspòtasyon peyi sa a, epi Washington pran dispozisyon pou l anpeche gouvènman konsène a resevwa èd nan men Labank Mondyal ak Fon Monetè Entènasyonal. Lè yon peyi twouve l sou lis eta k ap patwone teworism, gen limit sou kapasite li pou l patisipe nan sistèm ekonomik mondyal la.

Yon deziyasyon konsa wete nan men Soudan iminite tout peyi souvren genyen, daprè yon doktrin legal ki bay tout gouvènman pwoteksyon kont pwosè e kont tout jijman nan yon tribinal kriminèl. Kòm konsekans, moun ki te viktim atak al-Qa’ida yo ak manm fanmi yo te lanse yon pwosè kont gouvènman soudanè a pou dedomajman.

Nan kèk lòt afè separe, tribinal ameriken yo te pran yon desizyon ki te di Soudan te dwe ofri reparasyon pou fanmi moun ki te viktim yon seri de eksplozyon bonm ki te rive nan lane 1998 la nan anbasad amerikèn yo nan Dar es Salaam, peyi Tannzani, ak Nayewobi, peyi Kenya, epi reparasyon tou pou manm fanmi 17 maren ameriken ki te pèdi lavi yo nan Yemèn, viktim yon atak avèk bonm sou bato naval ameriken Cole.

Nan mwa d out 2019, pèp soudanè a te ranvèse yon diktatè ki te sou pouvwa a depi lontan epi nouvo gouvènman pwovizwa a te deklare pi gwo priyorite li sete elimine stati eta vwayou Soudan te genyen an poul te retounen nan plas li ankò nan mitan kominote nasyon yo. Pou gouvènman soudanè a te reyalize objektif sa a, li te dakò pou l jwenn, an deyò tribinal, yon aranjman konsènan desizyon lajistis te pran kont li yo; pou sa li te ofri yon sòm 335 milya dola pou pleyan yo separe antre yo.

Nan dat 14 desanm 2020 an, aprè Lèzetazini te kontinye pase an revi pwogrè Soudan reyalize, Washington te wete non peyi sa a sou yon lis kote l klase nasyon k ap patwone aktivite teworis. Nan dat 28 desanm nan, Lwa sou Finansman Konsolide a te antre an aplikasyon. Li gen ladan l kèk dispozisyon sou fason pou Soudan rejwenn pi fò nan iminite li kòm yon peyi souvren.

Sekretè Deta Mike Pompeo pibliye yon deklarasyon ekri kote l di: “Demach sa a reprezante yon chanjman fondamantal nan relasyon Soudan non sèlman avèk Lèzetazini, men tou avèk tout kominnote entènasyonal la. Li elimine yon gwo obstak ki te sou wout Soudan dwe suiv pou l rejwenn reyentegrasyon total li nan ekonomi mondyal la. Pou peyi a fè sa, li gen pou l redui risk pou yo jele avwa li, epi ofri posiblite pou peyi a ogmante seryezman opòtinite yo nan domèn komès ak envestisman an. Nou fè pèp soudanè a konpliman poutèt li pa sispann ensiste pou l genyen libète, lapè avèk jistis.”

Sete yon editoryal ki t ap prezante opinyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG